Haïti

Asasina Prezidan Jovenel Moise: Kote rapò FBI la? Pa Stanley Lucas





Asasina Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021 entewonp lòd demokratik an ayiti e afekte fonksyonman nomal chat demokratik rejyonal. Nomalman apre krim sa konsèy pèmanan oganizasyon eta ameriken (OEA) te dwe otomatikman aplike chat demokratik rejyonal la ansanm a kyeye yon tribinal spesyal komisyon entèameriken dwa moun pou ankete sou krim sa. Yon lòt bò konsèy sekirite masyonzini te dwe mete yon tribinal spesyal pou ankete e jwen asasen yo menmjan sa te fèt nan ka asasina Premye Minis peyi Liban Rafiq Hariri. Plis pase 11 mwa apre sa pa fèt. Poukisa? Eske se paske gen gwo blan ki enplike nan krim sa? Eske blan sa yo pè ke kalte ankèt multilateral sa yo kap fè nom yo pran lari? Jodia prèske 12 mwa apre tout moun konnen motif asasina se ekonomik. Prezidan Jovenel Moïse nan refòm ekonomiK li tap fè koupe 5 milya dola ameriken koripsyon andedan leta ke oligak petyonvil ak kèk biznisman kowonpi blan tap volè. Yo tap volè nan kouran, achte e revann gaz pou leta, sifaktirasyon wout ak pon, manipilasyon goud la e to de chanj. Yo tap volè tou nan BRH, BNC, BMPAD, EDH, APN, ONA, Frontyè elatrye. Yo touye l pou koripsyon li tap koupe. Oligak ki tap volè yo nan briefing an background yo bay jounalis etranje tap esaye sal kadav li nan fè pwopagand e di se poutèt dosye dwog yo touyel. Pwopagand sa echwe.




Kote rapo FBI la?
FBI se yon enstitisyon ameriken ki bon ampil nan fè ankèk pou dekouvri asasen. Nan mond lan yo se nimewo 1 nan dekouvri a travè ankèt asasen ki responsab krim ki fèt. Malerezman nan peyi etazini depi kèlke tan gen plizyè ka kote FBI neglijan oubyen nan fè politik ki koze sa afekte kredibilite yo. Pa ekzanp gen yon jenn atlèt fanm etazini ki tal poteplent kont yon doktè ki tap abize yo. FBI te bali vag. Poutèt neglijans sa doktè sa fè kadejak sou 96 fanm atlèt. Gen ka tou kote ameriken yo fè ampil deba sou FBI kap fè politik ak dosye ankèt e jistis. Ayisien pap antre nan politik entènn ameriken men yo note sa.

Nan ka asasina Prezidan Jovenel sena ameriken an pase yon rezolisyon e mande FBI ankète sou krim sa pou idantifye tout kriminel yo. Rapo sa dwe prezante nan yon delè 90 jou. Sa vle di 15 Jen 2022.

Nan 4 mwa ki sot pase yo jounal Univision ak jounal ameriken kap ankete sou krim nan dekouvri 2 bagay ki kreye enkyetid nan mitan ayisien. Premyèman, nan nom sekirite nasyonal gen gwo jefò ofisyel pa anba kap fèt pou sere yon seri de enfomasyon pou proteje kèk blan meriken ki enplike nan krim nan. Dezyèman nan asasen ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise genyen ladan yo se pou FBI ak DEA ke yo tap travay. Enfomasyon sa yo fè gen anpil ayisien an ayiti e nan diaspora a kap poze kesyon sou ankèt FBI la. Kòm amplwaye FBI enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise eske yo ka fè yon ankèk enpasyal? Eske yo pa alafwa jij e pati? Elatrye… Gen anpil deba sou sa.




Lòt kesyon kap poze nan mitan pep la ak diaspora a, kòm Prezidan Joe Biden ak Sekretè Deta Blinken tap kore Prezidan Jovenel Moise jiska fen manda li 7 Février 2022, ki gwo blan ki gen pouvwa ak infliyans politik etazini ki sèvi ak FBI e DEA pou touye Prezidan Jovenel san Prezidan Biden ak Sekretè Deta Blinken pa okouran? Repons Sekretè Deta Blinken a kesyon jounalis meriken nan 9em somè amerik ta sijere ke se pa li kap jere dosye krim nan. Li pale de premye minis asasine olye de prezidan. Kiyès kap jere dosye ayiti nan gouvènman ameriken an? Epi batay sou twitter ant sou sekretè deta Brian Nichols e anbasadè meriken Daniel Foote fè ayisien ap poze tèt yo anpil kesyon sou kisa kap pase nan kominote politik Washington ki enterese à Haïti? Sanble gen plizyè kan politik kap defann enterè diferan.

Lòt bagay ki enkyete ayisien se eksperyans pase FBI an ayiti. Le 28 Mas 1995 paske avoka Mireille Durocher Bertin tap kesyone konstitisyonalite demand okipasyon Aristide fè an septanm 1994, sou lòd Aristide minis enteryè alepok Beaubrun asasine mèt Bertin pou li. Kòm te gen 22 mil solda ameriken an ayiti FBI te deklanche yon ankèt. Rapò fèt men depatman lajistis meriken te klase rapo ankèt la sekrè. Se 15 zan apre kongrè ameriken deklasifye rapò sa. Jiskaprezan Aristide poko péyé pou mèt Mireille Durocher Bertin li fè fizye a 38 bal. Jou asasen yo fizye l mèt Bertin te ansent e li kite 4 timoun ak yon mari dèyè. Youn ladan yo trè selèb jodia.

Pandan prèske 12 mwa detèminasyon pep ayisien an fè ke malgré obstriksyon enstitisyonèl asasen yo ki nan tèt leta gen gwo progrè ki fèt nan idantifye blan, oligak petyonvil ak politisyen asasen kriminel ki touye 58em prezidan dayiti. Se kouraj pep la ki mare solda kolonbi asasen 7 Jiyè 2021 nan lari peyi dayiti. Jou sa, pep la tap chache tou oligak kriminel ki touye Prezidan an. Yo tout te kache aletranje. Se kouraj e detèminasyon pep la ki fè progrè fèt nan idantifye kriminel yo. Jounal ameriken e jounal amerik latine fè gwo jefò tou nan chache laverite. Dènye lèt 6 jounalis ameriken e rejyon an bay jounal New York Times se yon ekzanp bonjan solidarité entenasyonal.




Jodia tout moun ap réfléchi sou kesyon sa yo: Eske FBI a fè yon bon rapo oubyen yon rapo kase fèy kouvri sa? Eske depatman lajistis meriken ap pibliye tout rapo a? Eske se sèlman moso nan rapo a yap pibliye? Oubyen eske depatman lajistis meriken ap klase rapo a sekrè? Kòman sena ameriken pral reaji?

Nan peyi dayiti sitiyasyon ekonomiK, sosyal e politik deteryore ampil. Asasen, politisyen kowonpi e dwog dilè ki nan tèt leta pa gen kredibilite. Yap goumen pou nouvo tantativ koudeta a travè sa yo rele 3 akò, 11 septanm, montana, pen. Yo fè pati de problèm nan e paka pote solisyon. Tout moun konn sa sòf etranje yo kap kore atoufè sa yo.

Ajanda pep ayisien an trè klè:
• Retablisman sekirite nan yon delè ki pa depase 7 semenn
• Oganizasyon referandom ak konstitisyon ke komisyon endepandan an te prépare
• Oganizasyon eleksyon lejislatif e prezidansyèl nan yon delè ki pa depase 6 mwa pou enstalasyon 51em lejislati e 59èm prezidan
• Netwayaj total pouvwa jidisyè a de jij kowonpi e nominasyon yon jij pwop pou ankète sou asasina Prezidan Jovenel Moïse
• Konbat lavichè
Kesyon an se ki gouvènman skseptab ki ka vinn aplike ajanda sa?

Pandan ayiti ap apwoche l de komemorasyon 1 an depi asasen yo touye Prezidan Jovenel Moise, malgré tout sabotaj, manipilasyon, divesyon, dosye sa rete vivan e batay pou jistis ap rapouswuiv pired.
*Stanley Lucas se yon spesyalis an devlopman politik ayisien. Nan zafè libète Toussaint Louverture, Jean Jacques Dessalines, Capois la Mort infliyanse l anpil. Nan kesyon demokrasi gen 2 prezidan ameriken ki infliyanse l, se Jimmy Carter ak Ronald Reagan.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *