Haïti

Poukisa ou sezi oligak yo sèvi a gang anwo pou touye Eric Jean Baptiste? pa Anbasadè Stanley Lucas*




Eric Jean Baptiste fèt potoprens. Se li ki te pi jènn nan yon fanmi kretyen 7 timoun. A 19 an, li kreye premye konpayi li Pè letènèl loto le 15 Mas 1990. Eric vinn milti milyonè e konpayi a reyisi. Pi devan li divèsifye biznis li. Antreprenè sa ki te konn fè anpil zèv sosyal pral rantre nan politik. Eric te vinn yon politisyen ki yon ti jan panche agoch. Anvan 2018 li te nan tèt pati mouvman aksyon sosyalis. Li te chape anba bal kriminel an oktob 2018 kote li te pran yon bal, pou verifye https://m.youtube.com/watch?v=1XzXXTzUyxA Eric pral vinn nan tèt pati RDNP an 2018 apre eleksyon fèt. Li pral pran plizyè inisyativ pou modènize pati e kenbe l prezan nan medya yo. Li pral mete sou kote sénatè latibonit ki te trennen pati RDNP nan l’aboi an 2011 pou apre al kouri rantre anba tèt kale. Youn nan inisyativ Eric pran se éditorial RDNP ki pase sou plizyè radyo kapital la.

Asasen touye Eric Jean Baptiste 28 oktob 2022 a laj 52 zan. Ta sanble sa fèt sou wout pou ale lakay li apre li finn patisipe nan yon reyinyon politik ak plizyè lòt aktè politik ki tap esaye konpoze yon kowalisyon pou pran kontwol pouvwa leta nan men Ariel Henry ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021 ak plizyè oligak e politisyen kriminel.



Lè ou gade videyo sa 👉🏿 https://vm.tiktok.com/ZMFA6kv44/ peyi a te gentan okouran ke te gen konplo asasen pou touye lidè pati politik RDNP Eric Jean Baptiste alias Pè Letènèl. Konsta jij de pè Clement Noël montre ke se yon atak kalkile, planifye ki ekzekite. Dapre konsta a, machinn nan pran 12 bal kalib 5.56 ke spesyalis nan zam di yo mete nan mitrayèt M-4, Galil, M-16, M-14 ki pèse blende. Yo di blendaj machinn Eric la se nivo 4. Dapre konsta a chofè a Peterson Vermius pran 3 bal e Eric pran yon bal anba vant. Ta sanble asasen yo volè zam ak pòtfèy viktim yo. Men lòt temwayaj ta fè konnen se pito 9 bal ki touye Eric, 4 nan tèt, 2 nan vant, 3 nan pye. Foto ki disponib sou rezo yo montre machine nan chaviré. Otopsi poko fèt pou detèmine kòz medikal lanmò a.

Asasina sa ka gen plizyè motif, ekonomik, politik e entènasyonal. Li klè pou tout moun ke se gang anwo oligak yo ki touye Eric Jean Baptiste. Mèt prensipal tout gang ayiti se oligak yo. An analize plizyè rezon ki ka mennen a krim sa.

Eric Jean Baptiste te yon nasyonalis ki tap goumen depi plizyè lane kont prezans militè blan nan peyi dayiti. Eric te mennen yon kanpay ouvèt kont prezans MINUSTAH e kont prezans BINUH. Li te vle mete yo deyò peyi a. Li te depanse ampil kòb pou mete mesaj blakbòd toupatou kont MINUSTAH ak BINUH. Gang anwo oligak yo touye Eric menmjan trèt yo te touye Mireille Durocher Bertin ki te kont okipasyon peyi dayiti pa blan an 1994. Asasina Eric sanble tou ak asasina minis jistis Guy Malary pou fòse w infliyanse entèvansyon militè etranje. Eske blan yo mete ak oligak pou touye Eric pou kreye kondisyon pou fasilite entèvansyon militè etranje ayiti?



Onivo ekonomik lè Eric te pale sou trafik kap fèt ak dola meriken sa te fè oligak ki paka tolére nèg nwè ki gen kòb move. Eske oligak yo touye l pousa?

Li klè tou gen dosye politik Eric te manyen ki bay oligak ak politisyen volè e asasen yo problèm. Eric Jean Baptiste te kwè nan redisyon dè kont pou tout kòb leta ki volè e kòb petrocaribe a. Pou Eric ke ou te blan, ke ou te oligak, ke ou te ofisyèl ki te nan gouvènman ou palman, ke ou te politisyen oubyen nan konpayi prive oubyen nan sosyete sivil, pou Eric tout volè kòb petrocaribe dwe mare. Eric pat nan griyen dan ak volè kòb petrocaribe sou Privert ki tap mande amnisti. Li pat kwè nan rapo politik petrocaribe oligak fè ekri pou sénatè ak manm kowonpi koudekont, Eric te kwè pito nan trasabilite fon petrocaribe yo paske li konnen 98% kòb petrocaribe pase nan konpayi prive. Pa ekzanp 30% kòb petrocaribe pase nan blakawout e sifaktirasyon wout sa pa nan okenn rapo. Eric te lonje dwèt sou volè kap rele bare volè.

Premye eleman ki disponib yo nan zònn kote krim sa fèt ta vle fè komprann se yon alyans ant gang ti Makak e Vitelhomme ki touye Eric. Pouw konnen kiyès ki touye Eric toutbon lajistis dwe chache ki oligak ak politisyen kap telegide 2 gang sa yo kap travay ansanm? Pou ampil moun se pi gwo gang peyi a, gang anwo, gang oligak ki touye Eric Jean Baptiste ak sipò plizyè politisyen ki se esklav kreyòl gang oligak anwo yo. Kesyon ki dwe poze tou eske krim sa se pou ede jwen sipò okipasyon oligak ak politisyen ki sou pouvwa mande?

Lè 7 Jiyè 2021 oligak asasen petyonvil mete ak blan e politisyen kriminèl pou touye Prezidan Jovenel Moïse. Se sa ki mete nou kote nou ye jodia. 7 Jiyè sistèm nan te voye yon mesaj pou tout moun peyi dayiti. Mesaj la te klè! Si oligak ka atake laprezidans e touye 58em prezidan peyi dayiti, pèson pa alabri. Pandan 16 mwa sistèm nan fè tout sa li kapab pou montre fòs ak pouvwa awogan e racist oligak yo ki vle montrew ou pa anyen. Oligak blakawout yo ak awogans nonmenm minis jistis Berto Dorce, yon nèg ki te avoka sogener ki te kanpe anfas leta. Yon fason pou bloke dosye tout krim e kontinye volè. Oligak yo mete Josue Pierre Louis, sekretè jeneral palais national. Li se bofrè asasen John Joel Joseph ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel. Se li tou ki te envite nan biwo li, chèf gang Vitelhomme Innocent. Oligak yo banalize e fèmen deba nan radyo sou asasina Prezidan Jovenel Moïse. Yo touye temwen Gilbert Dragon pandan li nan prizon. Oligak yo enpoze yon jij kowonpi Inite pou jere dosye a. Jij la nan pale ak Felix Badio Joseph ki voyel dèyè jounalis Louko Desir. Eske sa yo di a se vre oligak asasen yo rive achte avoka Martine ak fanmi Moïse pou fè dilatwa e sabote goumen pou jistis fanmi defen an? Oligak yo ak gang anwo a touye sénatè Yvon Buissereth direktè jeneral EPPLS paske li tap kontinye ak pwojè Prezidan Jovenel nan bati kay pou polisye. Yo tire plizyè jounalis. Yo touye jounalis Tess Garry Okay, Romelo Vilsaint potoprens, blésé jounalis Roberson Alphonse e oligak gwoup de boudon menase jounalis Juno Jean Baptiste. Lè ou gade foto machinn jounalis Roberson Alphonse ki sou rezo yo, ou wè klèman se yon tantativ asasina planifye tou. Plizyè bal nan vit sou bò chofè a. Eske gen lyen ant asasina Eric la e tantativ pou touye jounalis Roberson Alphonse? Oubyen eske se oligak yo ak pouvwa Ariel la ki pandan yap chache kreye yon sitiyasyon katastrofik pou fòse yon entèvansyon militè, tou pwofite elimine kèk ayisien ki reprezante yon problèm pou yo?



Lè ou kite yo banalize asasina yon prezidan pa gen anyen oligak asasen sa yo avèk awogans pap fè. Jodia pandan kèw sere e tris, kriminel yo ap ri e asosye yo pral fè teyat pou yo nan radyo! Yon sèl opsyon ki rete pou geri kansè sa, sistèm nan dwe kraze!!! Oligak yo dwe mare!!! Si lajistis ap travay toutbon pou jwen kriminel yo li konn ki oligak poul konvoke, lajistis konnen tou ki ofisyèl nan leta e ki politisyen ki asosye yo pou konvoke. Kanta manda pou ti makak ak Vitelhomme te dwe déjà piblik. Men tout moun konnen se teyat kapral fèt pou fèmen emisyon matin débat paske chèf kabinè Ariel la mande sa. Ampil mesaj, kominike, ak interview kondanasyon fèt. Menm kriminel ki patisipe nan krim nan twit sou sa. Asasen yo sinik e san emosyon. Kitemele yo! List asasen yo nan men yo, yo pare pou kidnape e touye ankò avèk impinite otorite leta garanti. Tou otan pèp la pa fwape pyel, levekanpe kouri dèyè kriminel yo anyen pap chanje e san pèp la pral kontinye koule. Kanta pou blan yo, kitemele yo moun nwa ap tonbe. Gade konbyen tan sa pran madan Helen Lalime pou reaji sou ka jounalis Roberson Alphonse. Si se te blan Ukraine sa pa tap pran 2è tan. Avni nou se nan men nou li ye. Pandan konbyen tan ankò nap kite yon ti gwoup 600 moun pran yon peyi 13 milyon moun an otaj?

Kondoleyans a fanmi Eric Jean Baptiste e tout manm RDNP.

* Anbasadè Stanley Lucas te konseye spesyal Prezidan Jovenel Moise

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *