Haïti

Ayiti pa bezwen okenn misyon militè nasyonzini – Pa Stanley Lucas




Nan sondaj ki fèt sou paj Facebook Tripotay Lakay sou renouvèlman manda misyon nasyonzini BINUH ki ayiti ki fini 15 Jen 2022, 93% ayisien ki patisipe nan sondaj la di yo kont renouvelman misyon nasyonzini BINUH nan peyi a, 2% anfavè renouvelman misyon an e 4% pa gen opinyon.

Ayisien pa vle misyon militè nasyonzini ki patisipe nan kraze peyi a, afebli leta yo, tolere gang e patisipe nan touye 58em Prezidan yo, Jovenel Moïse le 7 Jiyè 2021 pou enpoze Ariel Henry yon premye minis asasen. Dayè gen ampil banderole ki paret nan kapital la semenn sa ki mande yo deklare Madan Hélène Lalime reprezantan sekretè jeneral la persona non grata tèlman li fè dega nan tèt BINUH.

Se Prezidan konstitisyonel Jovenel Moïse ki te mete deyò peyi dayiti MINUSTAH dènye misyon militè nasyonzini an oktob 2017 se paske li te kwè militè etranje sa yo reprezante yon problèm pou ayiti. Rapò entènn gouvènman Jovenel Moise la nan bilan MINUSTAH yo te fè montre pandan 13 zan lame pèpè sa te fè ampil gwo dega ayiti:
• Yo depanse 7 milya dola vèt pandan peryòd 13 zan e pa gen okenn rezilta serye pou kòb sa yo gaspiye. San konte MINUSTAH te gen ampil koripsyon ladanl. Yon te menm kenbe yo nan yon rakèt gaz;
• MINUSTAH esaye bay Prezidan Rene Preval koudeta. Yo echwe;
• Solda MINUSTAH lage kolera nan peyi dayiti. Pandan 3 zan yo bay manti, yo di se pa yo. Batay pep ayisien an fòse yo rekonet se yo ki lage bakteri kolera a an ayiti;
• Bakteri kolera MINUSTAH touye 9500 ayisien e kontamine 950,000;
• Sekretè Jeneral Ban Ki-moon te pwomet dedomaje fanmi 9500 ayisien viktim yo. Nasyonzini pa janm fè sa. Se tankou lavi moun nwa pa vo anyen. Se tankou moun nwa pa moun tou.



• Nasyonzini te pwomet 400 milyon dola vèt pou konbat bakteri kolera solda MINUSTAH ki soti Népal lage ayiti. Yo pa kenbe pwomes yo te fè. Se 22 milyon dola vèt sèlman yo te debloke e se enstitisyon pa yo ki te bwè 22 milyon sa. Se otorite leta ayisien ki sètoblije depanse plis pase 600 milyon dola vèt taks pep la pou konbat bakteri sa. Yon kòb ki te dwe al depanse pito nan edikasyon ak agrikilti;
• Solda peyi Shri Lanka fè anpil kadejak sou fanm ak ti gason an ayiti. Lè leta ayisien soti pou arete yo e jije yo nasyonzini refize e voye yo tounen nan peyi yo. Anyen pa rive yo toutbon devan lajistis Shri Lanka;
• 5 Solda Uruguay fè kadejak sou yon ti gason an 2011. Se menm bagay. Lè yo tounen nan peyi yo lajistis pa bayo okenn pinisyon serye. Yo bayo yon ti tap sou men tankou lavi yon ti gason nwa pa vo anyen;
• 3 solda Pakistan vyole yon ti gason andikape nan gonayiv an 2012. Anyen pa rive yo;
• Solda MINUSTAH abize seksyèlman yon jenn gason Okap. Apre sa yo touye l epi pran pòz ke jenn gason sa pann tèt li;
• Se devan je MINUSTAH neg Inite yo pran gang cité solèy e al mete yo nan katye matisan ak kafou. Se ajan spesyal entelijans MINUSTAH ki ekri sa nan liv li ekri ki rele Zombie Files. Liv sa bay anpil dega MINUSTAH fè ayiti;

Apre bilan négatif e katastrofik sa, pou ranfòse sekirite peyi dayiti Prezidan Jovenel te deside voye MINUSTAH ale, bâti lame, ranfòse lapolis e mete anplas sèvis nasyonal entelijans (ANI). Oligak petyonvil ak politisyen tradisyonel ki bezwen afebli leta dayiti e kap chache tranzisyon a travè okipasyon te kanpe anfas ranfòsman kapasite sekirite leta. Pa ekzanp Dimitri Vorbe te fè twit pou di li kont depa MINUSTAH. Se ekip oligak atoufè sa yo ak politisyen ki restavek yo kapral kreye gang 400 mawozo, chen mechan, Vitelhomme, Izo, Matyas kap kowodone gang matisan elatrye pou mete enstabilite politik ak peyi lòk pou fè 8 tantativ koudeta an 2017 e 2021. Nan rapo li fè pandan 4 an Madan Lalime fèmen je li sou destabilizasyon sa yo. Sak pirèd li tolere violans politik, ede enstitisyonalize yon pakèt manti fondasyon je klere, RNDDH ak CARDH tap fè. Li kore nèt al kole destabilizatè demokrasi ki tap sabote e bloke eleksyon pandan yo tap afebli enstitisyon yo.

Oligak yo, politisyen konze e kriminel toujou ap chache okipasyon ak prezans militè etranje pou proteje sistèm peze souse a e rezo gang yo kreye ak anakopopilis yo.

An jen 2021 Madan Lalime, BINUH, bay gwo presyon pou Prezidan Jovenel Moïse nonmen Ariel Henry kòm premye minis aloske li konnen, nan menm mwa sa, Ariel ak kèk lòt pati politik te siyen yon dokiman pou gen yon premye minis san prezidan.

Lè 7 Jiyè 2021 madan Lalime ak sévis entelijans BINUH patka pa okouran oligak kriminel ak politisyen asasen ta pral touye 58em prezidan konstitisyonel peyi a. Malgré ankèt pwokirè peyi peyi a Bedford Claude montre enplikasyon premye minis Ariel Henry nan touye Prezidan Jovenel Moise, madan Lalime kontinye kore l. Malgré 17 obstriksyon a lajistis Ariel fè pandan 11 mwa, madan Lalime kontinye kore l. Malgré enfomasyon ki soti nan dezyèm paragraf lèt demisyon anbasadè Daniel Foote ki di Ariel Henry ap jere gang yo, madan Lalime kontinye kore l. Pep la menm akize l ke lap pare yon koudeta pou Jean Bertrand Aristide yon ansyen diktatè ki fè ampil krim ak koripsyon. Dènye lèt 6 jounalis etranje ki te kouvri ayiti alepok voye bay jounal New York Times sou dosye restitisyon an bay ampil detay sou krim Aristide yo. Eta despri pep la montre koudeta sa pap ka ateri.



Jodia pou retabli sekirite ayiti pa bezwen lame pèpè. Ayiti bezwen ranfòse lapolis li, bâti lame ak sèvis entelijans li. Pou sa fèt fok Ariel ale, évite koudeta lavalas ak oligak kowonpi e kriminel yo ansanm ak evite tantativ koudeta atoufè ki nan akò 11 septanm, montana e pen. Mande yo tout si yo vle pouvwa pou yo ale nan eleksyon. Gouvènman akseptab ki pral ramplase Ariel Henry konfomeman a atik 149 konstitisyon an dwe:
• Retabli sekirite;
• Oganize referandom ak konstitisyon komite endepandan an te prepare;
• Oganize eleksyon lejislatif ak prezidansyèl pou enstalasyon 51em lejislati e 59èm prezidan nan yon delè ki pa depase 6 mwa;
• Nonmen yon jij pwòp sou dosye krim ki fèt sou Prezidan Jovenel Moïse. Bali pwoteksyon ak fanmi li e mwayen pou li travay;
• Konbat lavichè



Blan ki vle ede ayiti dwe:
• Sanksyone oligak, politisyen ki touye Prezidan Jovenel, kore gang e kap mete enstabilite politik e bloke eleksyon;
• Défini yon package finansye kapral jwen enstitisyon ayiti tankou CEP pou oganize eleksyon, lapolis ak lame pou ranfòse sekirite, ede relans ekonomiK e ede fè fas a dezas natirel. Twòp kòb gaspiye nan ONG etranje ak kontraktè etranje kowonpi.
• Nonmen yon tribinal spesyal entenasyonal pou ankete sou asasina Prezidan Jovenel Moïse menmjan yo te fè sa pou premye minis peyi liban Rafiq Hariri;
• Komisyon enteameriken dwa moun dwe nonmen tou yon komisyon ankèt kapral fè jou sou asasina a e prepare tou yon dosye konplè sou kiyès ki nan gang ak violans politik ayiti.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *