Uncategorized

Moise Jean Charles:”Mathias Pierre pa otorize pale nan non Platfòm nan ankò apati piblikasyon nòt sa”

Screen Shot 2017-01-27 at 2.18.43 PMSekretè Jeneral Platfòm Pitit Dessalines lan, Moïse Jean-Charles, anonse ofisyèlman jounen mèkredi 25 janvye a li disoud komite kanpay li te mete kanpe pou eleksyon prezidansyèl 2016 yo. Ansyen senatè Moise pwofite remèsye tout moun, jèn fanm, jèn gason, òganizasyon tout kalte ki te pote sipò finansye, materyèl, lojistik ba li pandan kanpay elektoral la ki te dewoule nan kondisyon difisil. San nou pa bliye sa ki te pote fòs ak enèji yo tou.

Dirijan Pitit Dessalines lan renouvle angajman l pou kontinye goumen pou pwojè fondatè nasyon an rive tabli nan peyi a ki se sèl mwayen pou chanje kondisyon lavi moun nan peyi a.

Komisyon kominikasyon Platfòm Pitit Dessalines nan ap anonse tou enjenyè Mathias Pierre sipòtè kandida Moïse Jean-Charles pandan eleksyon prezidansyèl yo . Pandan lap respekte angajman enjenyè Mathias Pierre nan sektè demokratik la, komisyon an salye gwo kout men li te bay Platfòm nan pandan 2 kanpay elektoral yo.

Komisyon kominikasyon Pitit Dessalines lan mande tout militan, tout patizan, tout senpatizan pou kontinye kenbe serenite yo pou goumen JISKOBOU pou libète byennèt pèp ayisyen nan.

Pou komisyon kominikasyon an Esdras Adéus

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *