30 April 2025 01:57

Jodia fè 38 an depi pèp la te ratifye konstitisyon 1987: Ki bilan? – Stanley Lucas

Jou ki te 29 Mas 1987 pèp la te lévé lal voté pou yon nouvo konstitisyon ki se manman lwa peyi a. Oligak ak lidè politik maché sou konstitisyon pandan 38 lané. Tout lidè politik, sosyéte sivil ki té konn palé de onè, respè pou konstitisyon an nan koudéta. Foli pouvwa monté nan tèt tout. Yo diw sitiyasyon yo eksepsyonèl kidonk konstitisyon an pa aplikab. Tout voum se do! Yo tout tonbé sou yon fòm ou yon lòt nan lojik konstitisyon se papye bayonèt se fè. Kiyès ki ta di sa?

Anpil manipilasyon fèt. Yo vyolé konstitisyon an, yo tòdél nan sans pa yo, yo manpilél pou bay tout kalté koudéta, militè, otogòlpe palman ak pouvwa jidisyè. Yo sispan kèk atik ladan l pou chita pouvwa krazé zo, yo réfizé apliké l. Prezidan anakopopilis maché sou konstitisyon an nan fè tout kalté solda étranjé débaké. Menm anbago li mété sou pwòp péyi li. Poutan li pat janm jijé devan ot kou de jistis. Nan fè blan débaké sou tè Dessalines nan soti 1994 rivé 2025, menm vye CARICOM ap maché sou konstitisyon nou pou bay koudeta pandan vwazen dominiken ap fè frékan sou fwontyè a e ak sitwayen nou. Anakopopilis antéré prensip souverenete konstitisyon an bay ayisien.

Kanta pou entèprétasyon pou bay kou sa pat janm manké. Yo barou tout kalté konsèy elektoral pwovizwa pou yo pa enstalé konsèy elektoral pèmanan e pou volè eleksyon. Jis jodia yo dèyè tantativ koudeta kont konstitisyon nan referandòm fo mamit Verite-Inite ap paré ak yon KEP koupyon ke CPT ilégal mété. Palman tounen gagè koté gang ap goumen. Pouvwa jidisyè ap fè grèv pou Jij kou kasasyon ka bay koudéta. Koudèkont tounen zouti politik nan men oligak ak politisyen anakopopilis kowonpi. Robert Marcelo ki mouri pou 80 milyon dola vèt pétrokaribe, 88% kòb pétrokaribé ki pasé nan men konpayi privé oligak pa menm mansyoné. Tout kalté skandal koripsyon rivé, tout kalté kòb volè pa janm gen okenn redisyon dè kont jan konstitisyon an ekzijé sa. Asasina politik fèt pirèd. Senatè Irvelt Chéry ékri lèt louvri bay lajistis sou anpil krim Jij moun pa réfizé aji. Lajistis dekouvri kiyès ki touyé jounalis poutan bouwo a ap pran pòz pwofesè inivèsité ki palé tout lang. Lajistis tèlman nan men oligak avoka yo ki se politisyen tou ap ékri rapò ak òdonans pou Jij enstriksyon Verité-Inité Walther Wesser Voltaire ke kou dapèl ap jwé téyat avèl. Nan entèprétasyon konstitisyon ki chita sou maji politik sal lidè politik ki te konn palé de ménas diktati prolonjé manda palmantè, yo menm koupé nan manda yon prézidan jiskaske yo touyél. Nan jwé téyat komik e trajik yo menm rivé enstalé yon prézidans 9 tèt ki pa nan manman lwa péyi a. Yo amandé konstitisyon an nan koken. Trafikè a vinn prézidan apré. Lòt koken ki bezwen bay koudéta kasasyon pran pòz ke yo pa okouran ke depi 14 zan se ak amandman an 3 pouvwa léta yo ap sèvi pou pran desizyon konstitisyonèl. Konstitisyon di lè prezidan an paka ekzèse fonksyon li si pa gen palman pou mété yon prezidan pwovizwa se yon premye minis ak minis yo ki dwe dirijé pouvwa ekzekitif la. Poutan se yon koulèv a 9 tèt ki fon nan gang ak ensékirité. Se koudéta akò 3 Avril 2024 ki mété pyé sou kou konstitisyon an ki enstitisyonalizé koripsyon ak gang a travè koulèv 9 tèt sa. Kòm van ap viré sou koulèv 9 tèt sa. Yo gen gwo pwoblèm paske oligak ki te ponn yo, politisyen ki nan gang ak gang viv ansanm dakò pou rejwen koudeta kasasyon nan nouvo panzou kap paré pou renouvelé sistèm nan ki toujou ap pezé sou kou konstitisyon an pou toufé l. Pandan se tan Ayisien pa gen dwa jwen sékirité jan konstitisyon an ekzijé sa. Yo anba bal gang. Kay yo ap boulé, yap sibi vyòl gang ak tout kalté abi ak konplisité CPT e gouvènman Fils-Aime. Tou sa paské otorité léta nan gang pandan yap maché sou mamman lwa péyi a ak CPT, Montana e Kasasyon. Sitiyasyon sa kòmansé pwovoké levékanpé, révolisyon.

Author