Apre Jij kou kasasyon patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse 53 mwa apre yon pati nan lajistis nan koudeta ak violans politik pirèd – Pa Anbasadè Stanley Lucas
Apre 53 mwa ankèt popilè pèp peyi dayiti dekouvri genyen 4 sektè lokal ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Genyen oligak kowonpi e kriminèl peyi a deja idantifye. Se Reginald Boulos, Gilbert Bigio, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu elatrye. Gen kèk lòt ki poko idantifye. Depi apre 7 Jiyè pèp la te pran lari pou mande arete Boulos, tandé ⬇️:
https://youtu.be/smIzdDnRkDI?si=edho5k-O2NVAzqOe
Oligak yo ak sipò Pierre Espérance, André Michel, Youri Latortue ak avoka Boulos achte plizyè Jij kou kasasyon ak lòt Jij pou planifye koudeta ak asasina Prezidan Jovenel Moïse. Se sou baz koripsyon oligak ak politisyen anakopopilis jij koupyon kasasyon pral fè rezolisyon pou fè koudeta aloske konstitisyon peyi a pa pèmèt jij kasasyon prezidan pwovizwa ankò depi 2012. Se lajan koripsyon oligak yo ki fasilite Pierre Espérance achte nan men jij manda ilegal pou fè koudeta ak lòt manipilasyon jidisyè. Pou plis detay tape la ⬇️:
a. https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=ts5-VEzecIm2u2uZ
b. https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=KEJkyIQp9YjpTmek
Apa oligak yo, gen yon sektè nan lajistis e kèk aktè politik an Ayiti ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Aletranje gen blan globalis kowonpi ameriken ki enplike nan krim nan. Gen tou dominiken ak kolonbyen ki patisipe nan asasina a tou.
Prezidan pa nan zanmi
Pandan kanpay li kòm kandida Jovenel Moïse te di prezidan an pap gen zanmi. Li te fè pwomès si pèp la vote pou li l ap fè tout sa li kapab pou ede sak pi fèb nan sosyete a. Li te sèmante li p ap rantre nan okenn move konbinezon a pèsonn. Dayè se poutèt sa oligak yo ak politisyen kriminèl gate rezilta eleksyon 2015 yo. Pou plis detay tape la ⬇️:
a. https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?si=JBbAyjjpcEK1MH9X
b. https://youtu.be/zJM2vhHbRYU?si=dgiZ1SMNqofbdU0q
Se ekzakteman sa Jovenel Moïse fè kòm prezidan. Li koupe tout kontra oligak yo ansanm a kontra ilegal prezidan pwovizwa Jocelerme Privert te siyen. Privert te restavèk oligak Vorbe ki te achte vòt pou li nan palman an pou te fè l prezidan pwovizwa. An retou li te regle afè yo. Sanble akòz desa ansyen prezidan pwovizwa Jocelerme Privert te di li gen poul touye Prezidan Jovenel Moïse kanmenm. Pou plis detay tape la ⬇️:
https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=1MJ2rLcOBtwrYDc3
Prezidan Jovenel Moïse koupe pou 1 milya 200 milyon dola vèt kontra kowonpi oligak yo te genyen andedan enstitisyon leta. Pou plis detay tape la ⬇️:
https://youtube.com/shorts/7-CWMP3i5V8?si=BsItq92mMtxEXEAm
Depi lè sa gen yon kanpay violans oligak yo lanse sou radyo e nan lari pòtoprens pou sal karaktè li epi detwui l. Pwopagand manti yo sou radyo se te pou prepare teren an pou elimine prezidan an. Pou w gen yon lide jan jounalis tap kreye violans pou oligak tande jounalis Oreste Morin, tape la ⬇️:
https://youtu.be/dRt4HyRm3DA?si=820eA-3HapdG2eq_
Apre plizyè tantativ koudeta ki echwe, oligak ak politisyen kriminèl touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Apre krim sa yo e apre ankèt DCPJ fè yon rapò 900 paj. Komisè gouvènman pòtoprens Bedford Claude fè rekizitwa enfòme sipletif ki montre enplikasyon, oligak yo nan krim nan, Premye Minis Ariel Henry nan touye Prezidan Jovenel Moïse ke li voye bay kabinè enstriksyon. Komisè gouvènman an te fè tou rekizitwa denfome sipletif, manda pou Reginald Boulos, Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Jerry Tardieu elatrye pou enplikasyon yo nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Men kopi 2 nan manda sa yo ⬇️



Ariel Henry enplike jis nan kou
Jij enstriksyon Garry Aurelien pral jwen tou Ariel Henry enplike jis nan kou nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire madanm li. Lè asasen yo wè lajistis ap rive sou yo, Ariel Henry pral mete 6 moun pal nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè CSPJ, 8 moun pal nan kou kasasyon ak nan tribinal premyè enstans pòtoprens. Depi lè sa a, asasen yo pran kontwòl pouvwa jidisyè a ansanm a pouvwa ekzekitif. Tande Jij Gary Aurelien, tape la ⬇️:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?si=JLNayNPPUCZMJP19
Yon bann jij Lavalas
Ariel pral mete yon asosye politik li ki sòti nan menm pati avèk li pou fè ankèt sou asasina prezidan an, se Jij Walther Wesser Voltaire ki pral fè anpil koripsyon. Se dosye ankèt koripsyon sa a ki rive devan Jij Denis Cyprien, Emmanuel Lacroix ak Fremont Dameci nan kou dapèl pòtoprens. 3 Jij sa yo se lavalas wouj ke yo ye. Jij Denis Cyprien ki ekri rapò kou dapèl la kore pa Emmanuel Lacroix pran pòz le 13 Oktòb 2025 yo anile òdonans Jij koken Walther Wesser Voltaire. Se pat vre. Non sèlman Denis Cyprien pa anile rapò jij koupyon an li deside vanse avèk koripsyon nan bay tèt li manda pou al fè ankèt ak dokiman kowonpi Jij koupyon Voltaire a. Pou yon ti rapèl kou dapèl pòtoprens tape la ⬇️:
https://sefirot24.com/2025/07/19/asasina-prezidan-jovenel-moise-zewo-transparans-lakay-jij-kou-dapel-potoprens-ki-montre-akle-yo-nan-kase-fey-kouvri-sa/
Pierre Espérance doktè manigans
Pou ede yo nan montaj sa a y ap fè kowòdinasyon ak Pierre Espérance ki deplase aletranje pou ranje bouch plizyè temwen anvan Jij koupyon Denis Cyprien rive sou yo pou entèwoje yo. Pa egzanp Pierre Espérance gentan al fè montaj kanada nan ranje bouch Jij koupyon Jean Roger Noëlcius ki te fè manda ilegal pou ede touye Prezidan Jovenel Moïse. Li gentan ranje bouch tou Mario Beauvoir ki te konn travay nan RNDDH ke Esperance te voye al kache kanada. Yo rele sa an dwa manipilasyon temwen ki se yon krim. An gade detay yo….
Gen yon pati nan pouvwa jidisyè peyi dayiti ki fon nan vyolans gang. Se yo tou ki nan touye Prezidan Jovenel Moïse, tire Premyè Dam Martine Moïse le 7 Jiyè 2021. Pati vyolan e kowonpi sa a ki nan lajistis nan tantativ koudeta depi 2021. Jis jodia an Novanm 2025 yo bezwen fè koudeta toujou a gang teworis Viv Ansanm. Pou verifye tape la ⬇️:
https://youtu.be/7UI9Ue5wBAg?si=eFVsv5WCs_O1HxMQ
Sistèm magouy mafya politisyen ak oligak
Pou komprann reyalite sa 2 premye kote pèp la dwe gade se manda ilegal Pierre Espérance achte nan men Jij Jean Roger Noëlcius pou 30 mil dola vèt ak kòb oligak Réginald Boulos. Epi rezolisyon kèk Jij kou kasasyon te siyen pou fè koudeta e fè dapiyanp sou pouvwa leta. Men kopi manda sa ak lèt Mario Beauvoir te depoze anbasad ameriken pòtoprens, gade la ⬇️:


Poukisa asasen yo al kache Kanada ?
Apre Pierre Espérance achte mandal ilegal kapral sèvi pou fè tantativ koudeta e pou touye prezidan an, li voyé Jij Noëlcius ak kache kanada. Malgre tout jefò ak manipilasyon jidisyè Espérance fè pandan 45 mwa ak Jij Jean Wilner Morin e Jij Walther Wesser Voltaire pour fè manda sa disparèt li te retonbe nan figi yo nan kou dapèl pòtoprens nan mwa Avril 2025. Kòm sa bay Espérance kè sote li kouri fè 2 bagay anbachal. Li kouri monte kanada nan fen été 2025 al ranje bouch ak temwayaj Jean Roger Noëlcius ak Mario Beauvoir. Epi limenm ak avoka Boulos la fè aranjman ak Jij Denis Cyprien nan kou dapèl pòtoprens sou jan li dwe kesyone Jij Noëlcius paske yo ranje yon vwayaj pou jij la kanada. Anmenm tan avoka Boulos la, Samuel Madistin pibliye yon rapò a travè fondasyon jeklere sou asasina Prezidan Jovenel Moïse pou akonpaye montaj la epi ede tèz yo envante a.
Boulos ak Vorbe te nan achte jij
Se ak rezolisyon pouvwa jidisyè epi manda ilegal jij kou kasasyon Joseph Mecène ki t ap travay pou Réginald Boulos ta pral fè premye tantativ koudeta kont Prezidan Jovenel Moïse. Boulos te remèt jij Mecène bay André Michel ak Youri Latortue. Se oligak Réginald Boulos, Dimitri Vorbe elatrye ki te peye plizyè jij kou kasasyon kòb pou siyen yon rezolisyon pou fè tantativ koudeta sa. Pou plis detay sou sa gade videyo sa ⬇️:
https://youtu.be/LoOxrewRTU4?si=VjXpKyrz3P7mZR39
Jij Mécène pran move dikte
Se André Michel ak Youri Latortue 2 restavèk Boulos ka pral pran jij Mecène bali dikte kòmkwa li preyidan pwovizwa. Tantativ koudeta sa te echwe. Pou plis detay gade videyo sa, tape la ⬇️:
https://youtu.be/WCs0YCRtcM8?si=8U3Ci1IP6qP1MT7
Telefòn konn anrejistre konvèsasyon
Apre koudeta kasasyon Mecène lan echwe, oligak Dimitri Vorbe, Jean Marie Vorbe, Pasha Vorbe pral prepare yon tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse ak Jij Ivickel Dabrésil nan abitasyon Tibwa 7 Fevrier 2021. Yo te sèvi ak enspektris jeneral lapolis Marie Antoinette Gauthier ki pral pran kontak ak kòmandan USGPN Dimitri Hérard reskonsab sekirite palè nasyonal pou asasinen prezidan an. Mario Beauvoir RNDDH te nan koudeta sa tou. Pou plis detay tande konvèsasyon telefonik jan yo tap planifye sa, tape la ⬇️:
https://youtu.be/4mqdjN6A1mY?si=o2Wqxu7YmM5g5xn2
Poutchis achte Dimitri Hérard, Dimitri Hérard vann poutchis
Le 7 Fevrier koudeta sa echwe poutèt Dimitri Hérard ki te touche nan men pouchis yo vann yo. Lapolis mete jij Ivickel Dabrésil ak 16 lòt kriminèl anbakòd. Pou wè list kriminèl lajistis te arete nan tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse tape la ⬇️:
https://www.haitilibre.com/article-32982-haiti-coup-d-etat-liste-des-personnes-arretees.html
Kòm lajistis enplike nan krim sa a kont peyi a 2 semèn apre tantativ asasina prezidan an, jij koupyon lage
kriminèl yo. Pou plis détay tape la ⬇️:
https://www.haitilibre.com/article-33320-haiti-flash-la-cour-d-appel-ordonne-la-liberation-des-17-personnes-accusees-de-tentative-de-coup-d-etat.html
Le 7 Jiyè 2021 oligak ak plizyè sektè politik pral voye solda mèsenè kolonbi touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse, gade kijan atak kay prezidan an te fèt, tape la ⬇️:
https://youtu.be/8_b9TqkV8rk?si=qgbWaL2adi0bE3ur
Byen konte mal kalkile
Solda mèsenè kolonbi yo te dwe enstale jij kou kasasyon Wendelle Coq kòm prezidan pwovizwa epi Ariel Henry tap premye minis. Apre asasina prezidan an pouchis kriminèl yo pran gwo sezisman paske se pèp la ki pran lari pou mare solda mèsenè ki touye Prezidan Jovenel e tire Premyè Dam Martine Moïse. Fas a revòlt pèp la ki pa dakò a krim sa tout pouchis yo rantre nan mawon. Gadé sou video sa jan pèp la tap mare tankou krab solda asasen kolonbi yo, tape la ⬇️:
https://youtube.com/shorts/yUD8A1EEAHM?si=bnmikcBbNbCea8x
Kijan Dimitri Hérard fè chape nan prizon?
Pa bliye polisye USGPN, CAT TEAM, USP pa tire yon bal pou bal pwoteje prezidan an ak premyè dam nan. Yo livre koup prezidansyèl la bay solda mèsenè asasen kolonbi yo. Lajistis kwè se Dimitri Hérard ki livre koup prezidansyèl la bay solda mèsenè kolonbi kriminèl yo. Depi lè sa Dimitri Hérard sove nan prizon li nan mawon lap fè video to san li pa reponn kesyon kiyès ki livre prezidan an ak premyè dam nan. Tande détay yo a travè temwayaj polisye sa ki te nan sekirite prezidan an kap viv etazini jodia. Li fè konnen tou depi 7 Jiyè 2021 Dimitri Hérard gen nan men li video asasina Prezidan Jovenel Moïse, tape la ⬇️:
https://youtu.be/uIoDvEsniJY?si=LWJXhSp4hbHZhzCj
Jij Wendelle Coq antre nan ekip malatchong lan
Pou montre w jan kriminèl yo odasye apre asasina Prezidan Jovenel Moïse yon lòt militan koupyon dwazimen Gedéon Jean tal fè tantativ ilegal a travè alye li nan kou siperyè dèkont ki se Rogavil Boisguéne pou remete nan kou kasasyon Madan Wendelle Coq ki te nan mawon paske li te gen avi rechèch lajistis ak lapolis dèyè li pou enplikasyon l nan touye prezidan an. Kou sa echwe. Lari a di se Gédéon ki tapral minis jistis Wendelle Coq si koudeta sa te reyisi. Pou komprann manèv ilegal Gédéon Jean pou pwoteje yon kriminèl ki enplike nan touye prezidan an tape la ⬇️: https://youtu.be/8RD4z7rWPnw?si=TY2mf6sLzcuOpbRE
53 mwa apre, pèsonn paka di si Madan Coq vivan ou si li mouri. Men kopi avi rechèch la ⬇️:

Ariel Henry benyen nan basen konplo
Malgre Jij Gary Aurelien jwenn Ariel Henry enplike jis nan kou nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse li fè yon koudeta poul pran pòs premye minis a nan yon alyans ant pati e aktè politik ki touye prezidan an. Pou tande deklarasyon Jij Aurelien sou enplikasyon Ariel Henry nan touye Prezidan Jovenel Moïse tape la a ⬇️:
https://youtu.be/KmVVFd8Ar5c?si=ryBlxE4eDTmL7EKn
Mangous ap veye poul : oligak ak asasen pran kontwòl lajistis!
Lè kriminèl yo finn pran kontwòl pouvwa ekzekitif la nan konfyolo ak oligak yo pou bloke, sabote epi manipile lajistis yo nonmen avoka Dimitri Vorbe ki se Bertho Dorce minis jistis. Yo pral mete tou 6 moun pa yo nan konsèy siperyè pouvwa jidisyè e 8 nan kou kasasyon. Yo fè plizyè lòt nominasyon nan aparèy jidisyè a. Menm jij ki fè ankèt sou asasina prezidan an Jij Walther Wesser Voltaire se nan menm pati li sòti ak Ariel Henry. Depi lè sa a, asasen yo gen kontwòl lajistis. Pou plis detay tape sou 2 lyen sa yo ⬇️:
a. https://www.alterpresse.org/spip.php?article29087
b. https://vantbefinfo.com/haiti-justice-ariel-henry-installe-les-nouveaux-membres-du-conseil-superieur-du-pouvoir-judiciaire-cspj/
Pou montre w jan Jij Voltaire tap swuiv lòd asasen yo, lè pou li fè odisyon Jeantèl Joseph se pa nan kabinè enstriksyon kote bagay yo dwe sekrè li konvoke Jeantèl. Jij Voltaire konvoke Jeantèl nan rezidans Premye Minis Ariel Henry poul te ka tandé tout sak tap di. Pou verifye tande temwayaj sa ki te fèt nan kou dapèl tape la ⬇️:
https://youtu.be/7ga9b4FF6nk?si=tELprr637XO5UL67
Òdonans rans ak soutirans
Asasen yo tèlman alèz nan Jan yap bwase jan yo vle nan pouvwa jidisyè a, oligak Dimitri Vorbe fè Jij Merlan Bellabe ak ti restavèk li yo siyen yon òdonans pou li ki mande leta peye Vorbe 54 milyon dola vèt reparasyon apre yo touye prezidan an e tire premyè dam nan. Restavèk jidisyè koupyon yo fè sa aloske yo konnen gen 2 manda pou Dimitri Vorbe nan sistèm nan. Youn pou plizyè santènn milyon dola vèt li vòlè nan kouran e yon manda ki la dépi 9 Jiyè pou enplikasyon li nan touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Pou gade rezo sa ak desizyon koupyon an tape sou 2 lyen sa yo ⬇️:
a. https://youtu.be/QpDonsb4Ym8?si=SAWvUds6jr-EnorS
b. https://youtu.be/f3i12GX4ppw?si=K-LYe6LwlNSO4e5E
Plizyè lòt manipilasyon fèt nan dosye asasina Prezidan Jovenel Moïse la kote se André Michel, Samuel Madistin elatrye ki ekri rapò ak òdonans sou asasina Prezidan Jovenel Moïse pou Jij Walther Wesser Voltaire. Metadata dokiman rapò Jij Voltaire montre sa.
Prezidan rele bare vòlè, volè touye prezidan
Jodia ki se 7 Desanm 2025 2 chèf maskarad lajistis peyi dayiti ap fè nan asasina Prezidan Jovenel Moïse se 2 jij kou dapèl Denis Cyprien ak Emmanuel Lacroix 2 lavalas wouj. Yap fè manipilasyon sa yo pandan yo byen konnen motif krim ki fèt kont prezidan an se ekonomik. Prezidan Jovenel Moïse te di klèman kiyès ki tap menase lavi lè li te vivan. Prezidan an tap resevwa menas sa yo paske li te koupe pou 1 Milya 200 milyon dola vèt leta oligak yo tap volè pa ane nan kouran, gaz, wout, ladwann, telefon 4 G Elatrye. Men kèk referans. Tape sou chak lyen pou tande deklarasyon prezidan an ⬇️:
a. https://youtu.be/-XX6dPFE4IQ?si=9y-HIfUm4ivp8BT0
b. https://youtu.be/XTQKFy9GL1s?si=Wi1BHP9PsYoyHZCc
c. https://youtu.be/ZPfalP1aU34?si=YFnJ4bL8QfCis8Mb
d. https://youtu.be/iFDZim_FUMw?si=jxe6wtlr4LVxsfgTE
Ki kote lajan pou yo òganize asasina prezidan an soti ?
Nan montaj Pierre Espérance ak avoka Reginald Boulos fè ak Jij Walther Wesser Voltaire yo pat janm poze kesyon kiyès ki finanse tout kòb ki depanse pou òganize asasina Prezidan Jovenel Moïse. Poutan ansyen senatè Edo Zenny nan emisyon radyo bouch li chape li di jou li anraje lap di ki bank Sendomeng ki resevwa kòb pou touye prezidan an e ki bank Ayiti ki voyé l. Pou w tande Edo Zenny kap di sa tape la ⬇️:
https://youtu.be/hYrYlQWvqWk?si=qTPV-IsKE-3FgUe
Ki kote krim nan planifye
Gen 2 kote asasen yo planifye asasina Prezidan Jovenel Moïse. Premye kote a se nan konpayi CTU nan Florida kote Pierre Espérance patisipe. Gadé foto li nan reyinyon sa ⬇️:

Dezyèm vil planifikasyon fèt pou touye Prezidan Jovenel Moïse se Puerto Plata Sendomeng kote Gilbert Bigio òganize 15 reyinyon ak plizyè libanè ayisien pou planifye krim nan. Se detektif dominiken Angel Martinez ki fè gwo revelasyon sa yo. Men foto Pierre Espérance nan reyinyon CTU Florida e men videyo detektif dominiken Martinez kap bay detay yo. Pou gade video a tape la ⬇️:
https://youtu.be/xRQG1ix71dw?si=kWgrP3lNR7nZ3Je
Pa bliye nan kou dapèl Badio sijere wòl Pierre Espérance nan sa k pase yo. Lè Badio kòmanse pale desa komisè gouvènman devan kou dapèl Claude Jean olye li chache laverite t ap pwoteje Esperance. Pou w tande sa tape la ⬇️:
https://youtu.be/t_TYqRmd1_g?si=kiK5TwIotSGj__qh
Jis jodia gen lòt gwo manipilasyon kap fèt nan lòt nivo nan asasina prezidan an. Prezidan kolonbi Ivan Duque apre yon ankèt lapolis, komisè gouvènman ak entelijans militè kolonbi te fè konfime depi mwa out 2021 ke solda mèsenè kolonbi pèp la te mare Ayiti 7 Jiyè 2021 efektivman touye Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse. Pou verifye tape la ⬇️:
https://youtu.be/OtGnBHF3lWk?si=x3e6P16_H1wrWofa
Alepòk lapolis kolonbi te konfime tou wòl Felix Radio Joseph nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Pou verifye tape la ⬇️:
https://youtu.be/kgGVh5ho6tc?si=_VGRfIka9pf_XEQF
Apre asasina Prezidan Jovenel Moïse Badio ki te mawon nan kache te menase Premye Minis Ariel Henry. Nan yon odyo li te voye sou plizyè stasyon radyo an Badio te di Ariel Henry apre li pran tout responsabilite sa yo pou li, li pap kite yo sakrifye l poukont li. Pou tande pawòl Badio tape la ⬇️:
https://youtu.be/x_o3ZvdO7CY?si=QZySe7gz2IzVX9dX
Manipilasyon ap fèt tou via Pierre Espérance pa pèson entèpoze kap esaye manipile depozisyon solda mèsenè kolonbi yo. Tande avoka mèsenè kolonbi yo pou w wè montaj yo, tape la ⬇️:
https://youtu.be/wfzYoQRKLfs?si=l_KWSCBtBoThdFQS
Badio tounen brid sou kou devan Jij koken Denis Cyprien
Badio chèf kòken
Piwo ou sot tande odyo kote lapolis ak lajistis kolonbi jwen Badio enplike nan krim nan. Ou tande tou menas Badio tap fè an 2022 poul denonse Ariel Henry ke li pran gwo responsabilite pou li nan krim sa. Li kritike Ariel dèske li vle sakrifye l poukont li. Li di li pap kite sa rive. Ou tande tou temwayaj Badio nan kou dapèl ki denonse Pierre Espérance. Misye patisipe nan reyinyon planifikasyon CTU pou touye Prezidan Jovenel Moïse nan Florida jan foto sa yo montré l. Se menm Badio sa Denis Cyprien sot tande apre plizyè manipilasyon fèt. Lè w gade Badio kap sòti nan biwo Jij koken Denis Cyprien ou gen enpresyon lap repete teyat e montaj Espérance te fè lòtjou pou manman gang Rosemila Petit Frère. Gade Badio, tape la ⬇️:
https://youtu.be/Wfk4HhvkVbA?si=4ssplt2Pf4aaUwGZ
Pou plis detay sou teyat Rosemila Petit Frère ki montre jan lajistis nan koripsyon tape la ⬇️:
https://sefirot24.com/2025/11/06/gade-istwa-rosemila-petitfrere-yon-fanm-kriminel-fiyet-lalo-nan-delinkans-politik-ayiti/
Aristide nan tout magouy
Pandan manèv e manipilasyon jidisyè sa yo ap fè, Jij kou kasasyon toujou dèyè pouvwa. Kasasyon ap travay ak chèf teworis Viv Ansanm ki se Barbecue. Jean Bertrand Aristide ki kontwòle 60% teworis Viv Ansanm nan koudeta kasasyon tou. Aristide ap opere tankou Osama Bin Laden de pa mesaje li voye lòd bay gang yo. Chak semen li resevwa resèt tou de gang yo. Li gen 3 batayon ki antoure lakay li kap pwoteje l se Lanmò 100 jou, Vitelhomme ak Jeff. Pou konprann asosyasyon ki ekziste an Viv Ansanm e Jij kou kasasyon pou fè koudeta tande sa ⬇️:
https://youtu.be/7UI9Ue5wBAg?si=QXd3t2f3gwezr6Bf
Nan emisyon 24 Novanm nan emisyon Matin Débat Auguste Demeza fè konnen si yo pa remèt yo pouvwa a pral gen violans. Pou tandé tape la ⬇️:
https://youtu.be/0usgXfpJGQw?si=6eG9VApCPmwVyGsL
Poukisa yo touye mèt Aspil Magloire?
Mafya jidisyè sa a se
youn nan pi gwo gang teworis peyi dayiti. Yo nan gang, a travè politik enpinite yap pwoteje tout kalite kriminèl ki nan peyi dayiti. Lè mèt Aspil Magloire yon avoka ki nan bawo Mibalè deklare nan mikro laprès asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse yo se nan lajistis yo ye, se yo ki sou pouvwa joda, rezo kriminèl sa fè gang touye mèt Magloire. Tande sa mèt Magloire te di ki fè yo touyel tape la ⬇️:
https://youtu.be/Rd8xZrptU4M?si=wQ_5aytJMGyf2o4A
Se menm bagay ki rive a nèg epe a apre bi deklare ke depi 2018 Jocelerme Privert te sèmante l ap touye Prezidan Jovenel Moïse poutèt kontra kowonpi li te siyen lè li te prezidan pwovizwa ke Prezidan Jovenel anile. Pou w tande pawòl nèg epe a anvan asasen yo touye l tape la ⬇️:
https://youtu.be/Ns8fK4ilBwE?si=3YYOfPOX-cUUSpf1
Pouvwa kriminèl yo san limit
Kriminèl nan peyi dayiti pwuisan anpil. Se tankou lalwa pa ekziste pou yo. Sa fè plis pase 40 lane depi enpinite a ap vale teren. Redisyon dè kont pa ekziste. Se pousa gwo kriminèl tankou ti kriminèl vinn awogan e odasye. Yo pap ezite devan anyen jiskaske pèp la fwape pye l atè menmjan sa fèt nan peyi Salvador.
Nan anbyans sa a, volim fristrasyon pèp la monte piwo chak jou. Lè fristrasyon sa a pran lari ap gen yon chans pou retabli otorite lalwa sou peyi dayiti.
Anbasadè Stanley Lucas te konseye espesyal Prezidan Jovenel Moïse


Comments 0