Haïti

Senatè Ralph Fethière fè yon aksidan nan mòn pilbowo pandan lap soti lenbe.





Pòtopwens, Dimanch 13 Me 2018.

Senatè Ralph Fethière fè yon aksidan sou mòn pilbowo pandan lap soti Lenbe, kote kawoutchou avan machin li tap kondwi a rache. Se yon pye kandelab ki bloke machin lan ki fèl pa tonbe anba nan falèz la. Yon mirak enkwayab!

Prezidan majorite a, senatè Kedlaire Augustin ki te sou wout la, te rive la menm potel sekou. Gras Bondye, pa gen moun ki mouri ni blese. Pou kounya, senatè Fethière avèk senatè Augustin an direksyon kapital la pou yo vin patisipe nan asanble nasyonal kap dewoule lendi 14 Me a, pou fèmen premyè sesyon òdinè ane lejislativ 2018 la.

Biwo kominikasyon senatè Kedlaire Augustin.



Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *