Haïti

Senatè jean renel senatus rele anmwe kont vòlò, asasen e mande minis jistis la kisal itil peyi a ?





Pòtoprens, 10 avril 2018

Mesye Heidi FORTUNÉ
Minis Jistis ak Sekirite Piblik
Nan biwo w.-

Rezon : Angajmanv nou nan Leta a oblije nou aji pou estabilite nan sosyete a.

Minis,

Minis FORTUNÉ koman w ye? M’pa kwè ou konnen poukisam’ baw’ tout sipòm’ depi lè ou rive nan tèt ministè jistis peyi a.

Minis, ou se youn nan modèl jij mwen te pran tan m’ poum’ swiv pandan w’ tap’ egzèse pwofesyon Majistra nan sistèm jidisyè an. Mwen te komisè gouvènman lè m’ tap’ aprann konnenw’ pandan te jij nan Okap.
Ou te montrem’ ou te youn nan ti kras moun ki gen’ jèvrin ak bon kolòn vètebral ke peyia ta ka konte sou ou si w’ ta okipe yon gwo fonksyon chèf, Gwo chèf, nan jistis la.

Le yo nonmenw’ minis, youn nan pi gwo ministè nan letaaa, Nominasyon sa te pote anpil Lespwa.

Nou se de (2) ansyen Majistra ki tap’ sèvi peyi nou e jodia nou kontinye ap sèvi l’nan yon pi gwo pòs. Ou minis jistis e mwen se Senatè ki an menm tan prezidan komisyon jistis nan Sena Repiblik la.

Minis, peyi a ap tann anpil bagay nan menm paske popilasyon lwès la vote m’ pou konviksyonm’ kwayans mwen nan sa ki bon e ki respekte lalwa san konte angajman m pran pou Lafanmi ak lajistis nan peyi sa a menm lè gen anpil Menas ak difikilte.

M pa kwè li nòmal pou w’ Mínis e mwen Senatè, prezidan komisyon jistis nan sena a pou jistis peyi a kontinye ap’ mache mal konsa. Mwen menm avek ou ak lòt aktè nan peyi a pa kapab kwaze bra nou pou nou rete tann pou se sou papye ak nan rapò MINUJUSTH ki pral di Misyon Nasyonzini te vin’ ranfòse sistèm jistis nou an pou nou.

NOU KAPAB, SI NOU GEN VOLONTE POLITIK POU NOU CHANJE SA.

Minis, kote politik ranfòsman enstitisyon yo pase?

• Mwen paka kwè sa pou w’ rive nan pòs enpòtan sa pou anpil dosye nan Lakou Kasasyon rete ap’ soufri nan tiwa depi plis pase senk (5) lane paske Lakou a manke jij. pou efò komisyon jistis la ak sena a fè pou voye lis non jij kou kasasyon bay Prezidan Repiblik la, pou jouk jounen Jodi a Lakou kasasyon kontinye ap fonksyone ak selman 5 jij ki gen manda sou 12 ki ta dwe genyen ;




• M pa ka kwè ou Minis, Ansyen jij nan sistèm jidisyè a pouw’ dakò gen tribinal ki pa gen jij akoz nominasyon yo pa fèt pandan plizyè santèn moun ap kwoupi nan gadavi ak nan Prizon san yo poko janm genyen yon jij ki tande yo;

Mpa kwe Mínis pouw’ ta pase laaa pou nou pata fè anyen pou zafè manda jij kap’ renouvle pa konngout Sou kapris moun ki Gen a wè ak la jistis ou byen ki ta dwe ap reponn kesyon jij nou yo!

• M patap’ janm’ ka’ kwè pou w’ ta Minis jistis pou w’ ta aksepte odyans abeyas kòpous paka fèt nan peyi a akoz komisè gouvènman yo pa vle al’ plede yo, aloske moun y’ap’ arete nan do lalwa kontinye ap’ gwosi pil moun kap’ peri nan Prizon nou yo pandan ke Gwo vòlò yo ap’ pyafe nan lari a.

Map’ mandem’ kote Minis FORTUNÉ ye lè m tande gen:

– 122 milyon goud chèk zonbi nan ministè edikasyon nasyonal;
– 200 milyon chèk zonbi nan ministè sante piblik;
– plis ke 50 milyon goud chèk zonbi nan lapolis,
– Dosye kit eskolè nan ministè Afè sosyal la
– Disparisyon chèk nan ministè enteryè, ministè Afè Sosyal, APN, OFATMA, elatriye.
Se komsi msanti volonte pou kase fèy kouvri saaa, Li fo anpil. Mpakwe m’ tande yo arete pèsonn nan gwo chabrak ki benefisye chèk sa yo. ki pouswit jidisyè ki lanse dèyè rezo mafya ki falsifye chèk ki pase nan trezò piblik ak nan sistèm bank yo ? Padon, m tande yo mare kèk ti piti men gwo Vòlò yo toujou nan lari a.

• Mwen pa t’ap janm panse pandan ou Mínis pou nou tap’kontinye mete timoun mwens pase 16 zan nan prizon, Prizon wi, anbaje konvansyon entènasyonal peyi a ratifye.




• Minis m’poko ka’ konprann koman fè se pandan ou Mínis la pou matisan, gran ravin, Pòtay leyogán, avni bòlòs yo, bisantnè sòti pou rete kè sitwayen yo akoz bandi ki met tèt yo chèf chak koridò, san nou pa janm chache konnen ki otorite, ki Eli, ki chèf kap finanse ak bay zam nan katye popilè yo!

• M’paka kwe pou w’ Minis Lajistis, poum’ Senatè, Prezidan komisyon jistis, pou fanmi sitwayen ak’ pwofesyonel ki asasinen nan peyi sa a paka jwenn jistis.

Ou panse map’ ka’ konprann dosye kaliko beach la pandan ke ou laaa kom Mínis?

Pandan mwen pran nòt de desizyon jij enstriksyon Jean Wilner MORIN sou dosye Timoun viktim nan siwo afebril valodon an ak jefò kap fèt sou dosye Robert Marcello ak Gassant Junior komisyon map dirije a ap swiv trè prè, m’ta renmen gen’enfòmasyon e konnen nan ki nivo dosye :

• Dr Frédérique VIAU, medsen lopital lapè yo asasinen 5 jen 2017 nan Delma 83 a ye?

• Dosye Stéphane Bruno, 42 zan, gwo teknisyen nan zafè enfomatik, ke yo asasinen 16 jen 2016 à Puits-Blain 17, Delma

• Dosye Willems Edouard, Ansyen direkte jeneral Près Nasyonal ke yo asasinen Petyon vil, 8 jiyè 2016

• Dosye pè Joseph Simoly, pè Katolik ki asasinen 21 desanm 2017 la Sou wout frè, PetyonVil

• Dosye Jean Eric Moncher, etidyan 5kyèm ane medsin inivesite Dr Aristide, ke yo asasinen 25 dawou 2017, clercine, taba?

•Jean John Rock Gourgieder, 13 jen 2017 Etidyan twazyèm ane fakilte etnoloji ki te kraze anba machin Dwayen Blot a ?




• Dosye Legagneur Vladjimir, ki disparèt depi 14 mas 2018?

• Dosye Met Jean René MISERE, avoka bawo potoprens, yo asasinen le 12 me 2016 la?

• Mouche ak Madanm Daniel DORSINVIL et Girldy LARECHE DORSINVIL, militan dwa moun papa akmanman 3 pitit ke yo asasinen ansanm 8 févye 2013?

• Dosye Enspekte minisipal la polis Paul Gilbert, ajan Primati ke yo asasinen 19 fevrye 2018?

• Dosye Robenson François, asasinen, Miragwan, 15 Févrye 2018, Kay Amatas Jean Philippe yon moun kap fe politik Nan miragwan.

• Dosye Magdala Desrameaux, fanm antreprenèz ki tonbe anba bal asasinen 23 jiyè 2016, Delma

• M’ta renmen konnen kisa kifèt Sou dosye Norbert Stimphil, kòdonatè EPT a, bandi ak zam te krible kay li ak’ machin li ak’bal nan dat 29 novanm 2017 la

• Dosye Sonson La Familia ki nan kou kasasyon depi pase 1 nan

• Walky Calixte, polisye ke yo asasinen mekredi 17 avril 2012, nan potoprens ki nan kou dapel potoprens?

• Jean Léopold Dominique ak Jean Claude Louissaint keyo asasinen 3 avril 2000, nan lakou radyo haiti inter?

Minis, anpil fwa nou konn vle dekouraje lè jefò nou yo pa twò parèt nan sosyete nou an, lè nou gen santiman pèsonn pakonprann nou, lè fòs fè nwa yo parèt pi fò ke tikal limyè nou ka pote a, men, mwen kwè lè nou nan pozisyon poun’ fè, fòk nou degaje nou poun’ fè.

Minis mwen te kwè anpil nan ou kòm Majistra ki konn’ di wi ak’ non.

Ou pa gen’ dwa pase konsa !

Aprè yon lane, kisa yon gwo majistra-minis tankouw’ap’kite pou sistèm jidisyè ak Eta de dwa a ?

Nou paka pa fè anyen Minis, Listwa pap’ padone nou.

San moun sila yo ki tonbe anba bal asasen yo ap’ mande jistis, Jistis ki ka retire nou nan labou nou ye jodia jan pawòl la di li a. Prizon paka fèt pou sa ki pi fèb yo selman. Fòk nou kontinye angaje nou nan batay sa pou yon jistis san fòs kote, pou tout moun respekte Lalwa ak prensip yo.

Mínis, pa bliye Sa fe lontan map’ tann yon rapo nan menw’ Sou travay ou kom Minis jistis. Mwen envitew’ de fwa ou pa met pye. M’ta renmen jwenn repons ak’ kesyon mwen yo, si m’ pa jwenn repons, Komisyon jistis sena a ap’ oblije rapid rapid konvoke yon seyans travay avek ou paske sa paka rete konsa.

Mwen mandew pouw’ resevwa pawol enkyetid mwen yo.

____________
Jean Renel SENATUS
Avoka
Senatè Peyi a
Prezidan komisyon Jistis nan Sena a

Cc.: Prezidan sena a, Premye Minis la ak lapres

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *