Dyaspora

Otorite Kanadyèn yo ap Etidye Dosye Plizyè Milye Ayisyen ki Al Pran Refij nan Kebèk





Pou jounen madi premye out la sèlman, 500 moun travèse fwontyè Etazini ak Kanada a nan sid Pwovens Kebèk pou yo mande azil. 90% nan yo se Ayisyen.

Otorite yo nan peyi Kanada ouvè yon sant dakèy nan Estad Olempik Monreyal la ak 3 lòt kote pou yo resevwa tanporèman plis pase mil 500 ayisyen ki travèse fwontyè peyi a ilegalman pou yo mande azil.

Sanble ayisyen sa yo ap prese kite Lèzetazini pou yo evite depòtasyon lè estati tanporè yo ta pran fen nan mwa janvye 2018 la. Pou sèl jounen madi premye out la, 500 moun ki te travèse fwontyè Etazini ak Kanada nan zòn La Colle ki nan sid Kebèk mande azil. 90% nan yo se ayisyen.




Rezon prensipal ki eksplike deplasman masif sa a nan direksyon nò kontinan an, se laperèz moun yo genyen pou Lèzetazini pa koupe pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) nan fen ane 2017 la. Responsab Sant Integre Inivèsitè de Sante ak Sèvis Sosyo nan Kanada, Raphaelle Fragasso, fè konnen otorite yo ap kòmanse analize dosye imigran yo avan yo anonse yon desizyon final. Otorite yo nan Monreyal di refijye ayisyen yo “Bienvenue”. Majistra vil la, Denis Coderre, voye ekri sou kont Twitter li yon mesaj kote li di refijye aysioyen yo :

“Nou kapab konte sou kolaborasyon total-kapital mèri a.”




Marjorie Villefranche se direktris jeneral Mezon d Ayiti nan Monreyal. Madam Villefanche di AFP (Ajans France Presse) akèy refijye yo resevwa pou le moman an se yon solisyon pwovizwa paske yo ta dwe jwenn lojman ak lekòl pou timoun yo nan okazyon ouvèti lekòl la.

Direktè Enfòmasyon Radyo Unyon.Pwen.Com ou CEPAM nan Montreyal, Pierre Emmanuel, di Lvwadlamerik imigran sa yo ap rete o Kanada ann atandan gouvènman federal la pwononse l sou estati definitif yo.



Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *