Uncategorized

Moise Jean Charles:”bridsoukou Misye Berlanger vè 6h15 nan pita relew nan telefòn pou li diw rezilta yo chanje. Aswè vre rezilta chanpwèl “

148042929433804Pòtòprens, 30/11/2016
M. Jocelerme Privert
Prezidan Peyi Dayiti
Palè Nasyonal
Misye Prezidan,
Kandida pou pòs Prezidan anba banyè ‘’Platfòm Pitit Dessalines’’ nan salye-ou nan non peyi-nou an ak nan respè tout pep ayisyen-an.
Li-ap pwofite lèt sa-a pou li fè-ou konpliman pou bòn volonte ou te montre-nan tranzisyon malouk sa-a- pou te reyini kondisyon selon mwayen ou te gen nan menw, sitou aprè pasay siklòn Matthews- pou pèmèt KEP a te òganize eleksyon yo.




Sonje Prezidan, eleksyon sa yo pèp ayisyen-an tap trennen yo kou yon sèkèy Madoulè paske li vle koupe fache ak tout jwèt koken epi antre tout bon vre nan estabilite.
Men yon mo, Prezidan,: estabilite- yo telmam repete li yo pyafe sou li. Paske pou anpil moun estabilite se kontinye kenbe sistèm peze souse pou yon ti gwoup pandan mas yo ak klas mwayèn yo ap vale pousyè. Pou sèten lòt, estabilite se pa revandike ditou pou pa deranje gwo enterè gwo palto ak gwo peyi. E konsa sou pretèks peyi-a chaje ak pwoblèm, yap fòse pèp la vale nenpòt ki gwo koulèv. Poutan vrè sans estabilite a se ranfòse yon lòd sosyal ak politik ki garanti jistis sosyal, sekirite vi ak byen, libète ak dwa moun, diyite sitwayen ak devlopman dirab yon peyi.
Lè yon lòd sosyal se monopòl, baboukèt, kòripsyon, ekslizyon, povrete, mizè, restavèk, li pwojte goumen pou chanjel se pa delenkans, se pa enstabilite, se pa dezòd. Batay diyite se sèl batay ki akouche lòd.




Prezidan, nou di sa paske yon rezilta eleksyon se pa yo jwèt lewouj, pike kole.
Prezidan, sous moun ka fè konfyans lese kwè Prezidan Repiblik-la te resevwa konmsadwa de KEP ya yon rezilta ki sou biwol nan maten. E menm te gen yon premye kite kontwole anba je 2 reprezantan OEA ak yon reprezantan peyi Lespay. Epi bridsoukou Misye Berlanger vè 6h15 nan pita relew nan telefòn pou li diw rezilta yo chanje. Aswè vre rezilta chanpwèl tonbe. Yon rezilta ki bwase nan sant tabilasyon Hotel Karibe sou lòd kèk ti blan entènasyonal la avèk detwa majòjon klas ekonomik tradisyonèl la tankou : « Réginald Boulos, Andy Apeid, Scheriff Abdallah. Mwen si Prezidan ke ou tande deklarasyon ke Boulos fè, map tradwi : se mwen kite mete K-plim Premye Minis. Gen yon tan kap rive nou pap sèvi ak Prezidan dedoubli ankò. Menmjan ak TRUMP ozetazini, nou menm ki gen kòb nap pran pouvwa a ». Tout ti elèv, tout etidyan, tout entèlektyèl, tout jounalis konnen sa sa vle di Prezidan dedoubli. Prezidan pwojè sa-a ke bizismann antranzit ke nou genyen nan peyi a ak yon ti gwoup nan entènasyonal la ap prepare pou nou an li pa gen anyen a wè ak devlopman Peyi Dayiti. Malerezman yap itilize kèk jounalis, kèk kad Leta ak kèk entèlektyèl pou yo fè pwojè makab yo a ateri. Konsa yap kenbe estrikti dwann ak monopòl pou yo kontinye kraze Pwodiksyon Nasyonal, kase ren klas mwayèn nan, fin souse mas yo ki pap gen lòt solisyon ke jete yo nan peyi anba fil, sou lanmè, nan rakèt nan peyi etranje. Sitou nan yon ti tan ankò, enflasyon an kap galope a pral fè nou bezwen 110 goud pou yon dola ameriken. E ou konn ki kondisyon kap tann yo.
Tout demokrat, tout patriòt, tout moun onèt konnen nan kous elektoral se yon moun ki pou rive. Men lè yon rezilta eleksyon se sitwayen Potanta ki nan Hotel Karibe deside kijan pou li bay paske yo gen gwo blan dèyè yo ak anpil lajan pou fè koripsyon, pèsonn paka mande demokrat konsekan pou yo aksepte kalòt sa-a. Jan yo di sa nan lang fransè-a pou yo ‘’stoïque’’. Sa-a ta yon wont pou istwa pèp nou an Prezidan.
Ak tout pèp ayisyen-an Prezidan nap tann yon devwa de verite ak reparasyon paske ak piblikasyon rezilta sa-yo, jan yoye la. KEP-la chwazi enstabilite, lap pousib yon bagay kache pou pèmet dappiyanp sou Resous Natirèl nou yo. se garan egzistans Nasyon-an menm-si jan yo di-a w se yon Prezidan Pwoviswa. Pèp Ayisyen an ap tann kòm ou konn pale fò lè ou te chwazi fè eleksyon ak kòb peyi a pou souverènte nou, lè wap drese bilan pozitif pouvwa wap dirije a, pou di li kisaw konprann nan deblosay rezilta sa-a.




Prezidan pou mwen konfime tout dezòd sa yo map raple :
• Sou sit KEP a, yo di gen 1200000 votan, daprè lwa elektoral la ki mande 50% plis 1 pou kandida pase, fow ta gen 600001 vwa e 25% an fòw ta gen 300001 vwa anplis pouswivan a.
• KEP a fon erè li mete tout pwosè vèbal yo sou sit li-a ki depaman ak rezilta li bay yo.
• Malgre yo fè magrouy ak manb BV tankou nan lekòl nasyonal Sansousi Milo a, te gen 17 biwo, gen 11 kote Piti Dessalines te totalize an 100 ak 180 vwa aloske sak vin dèyè tap fè 15 ak 20, manb VB ranpli pwosè vèbal ak rati tandike nan 6 lot biwo yo pa gen yon rati.
• UNOPS ki tap transpòte bilten ak pwosè vèbal yo non sèlman li pran reta ke moun paka esplike, men anplis pwosè vèbal anpil depatman rive 100%, tankou Sid ak Nòdès tandiske pa depatman Nò yo pa ekzanp rive manke. Ki kote rès yo fè ?
Prezidan, plizyè santèn milye moun kitap swiv nou jan tout moun te wèl toupatou nan peyi a, anba lapli, kout zam ak kout boutèy, sitou nan jou 18 Novanm nan depi mòn rouj, katye jeneral Dessalines anvan batay 18 Novanm nan, jiska Okap an pasan pa Vertières dim diw yo pap pèdi vòt yo a. Se menm kri a nan Twou di Nò, Wanament, Pòtoprens, Grangwav, Tigwav, Grandans, Plato Sentral, Latibonit. Avèk tout Pitit Dessalines yo, mwen asirew, kolon pap bloke pwojè Dessalines nan. Nou pa konnen si vòt lòt kandida ka pèdi men se pa vòt kandida Pitit Dessalines nan.
Prezidan, nan moman an nou paka bliye diw ke pou akonpayman ke Fidel Castro bay pèp ayisyen an e pou listwa pa din engra Gouvènmanw lan, tadwe bay yon omaj kòrèk a gwo zanmi sa ki kite nou an.
Peyi a ap veye epi li ap revandike.
Resevwa, Prezidan, tout respè nou.

Moise JEAN CHARLES
Kandida pou pòs Prezidan
Platfòm Pitit Dessalines

2 thoughts on “Moise Jean Charles:”bridsoukou Misye Berlanger vè 6h15 nan pita relew nan telefòn pou li diw rezilta yo chanje. Aswè vre rezilta chanpwèl “

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *