Haïti

Mesaj Moise Jean Charles depi Ayewopò Toussaint Louverture.





Pèp Ayisyen, kamarad mwen yo nan Pitit Dessalines ak Sektè Demokratik la, militan ak zanmi mwen yo, se avèk yon santiman doulè ak anpil sousi map kite peyi a jodia pou ale pran swen nan peyi Cuba.
Map remèsye nou tout pou sipò nou, mesaj nou yo ak priyè nou yo ki ede m komanse retabli konsiderableman.
Map fè nou konnen ke map retounen touswit, pou vinn kontinye batay la bò kote nou.
Map raple nou gwo responsabilité ki sou zepòl nou tout, pou konbat vye sistèm sa a ki chita sou dominasyon, explwatasyon, koripsyon ak enpinite sou tout Fòm.
Mwen menm, mwen fè tout sam kapab ak anpil sakrifis e detèminasyonn sanm pa janm flechi yon jou pou peyi a pat nan sal ye laa. Nenpòt sak rive nou, batay la ap vanse.
Souf nou pa kout, nou gen konviksyon ak karaktè, nou prale jiskobou.>>>
Kenbe fèm.
Me. Evel FANFAN



2 thoughts on “Mesaj Moise Jean Charles depi Ayewopò Toussaint Louverture.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *