Uncategorized

Men 4 non pèsonalite yo soumèt bay prezidan pou chwa premye minis la.

Dapre yon sous ke nou ka fè konfyans, Tripotay lakay aprann ke prezidan Jovenel Moise pa deside chwazi poukont pal yon premye minis poul soumèt bay palman men li konsilte baz PHTK pou yo fèl pwopozisyon. Sous la fè nou konnen ke apre 5 rankont avèk palmantè PHTK yo gen kek rekomandasyon avek 4 non pèsonalite yo soumèt bay prezidan pou chwa premye minis la. Men 4 non yo avek rekomandasyon yo:

1) Line Balthazar: li se yon agonòm e li biolojist tou.
2) Mèt Patrick Laurent: Li se yon avoka ki abitye entèvini nan radyo sou gwo dosye jiridik, e li se avoka PHTK.
3) Stanley Lucas: Li se yon spesyalis nan developman politik.
4) Michele Oriol: li se yon sosyològ e li direktè yon gwo program ki se CIAT

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *