Haïti

Lèt ouvè a mesye Moise Jean Charles: “W’ap jwenn ak Bondye! “





Mwen se Evangeliste Ronaldo Thelemaque,ekriven,antreprenè etc se yon plezi jodia pou m pran ti tan sa pou m pale avek ou antanke yon ansyen senatè peyi m e yon gwo politisyen ayisyen.
mwen pa yon politisyen e yon kretyen pa ta dwe rantre nan zafe politik sitou ayiti men kòm yon bon patriyòt ki renmen peyi l Bondye banm tout dwa m pou m pale de sa kap bon pou peyi m.depi nan bwa kayiman ayiti se yon peyi modi ,twop pak te fèt ak djab tout moun konn istwa yo se sak fe peyi a pa janm ka mache a chak prezidan ki vini malgre yo vle travay oubyen yo travay men anyen pa janm mache men ak vizyon ke Bondye ban mwen ayiti se yon peyi pa two lotan ki pral fe anpil pale de li nan mond la,paske peyi sa gen pou restore.Peyi a sou yon bòn vwa devlopman men mwen remake ou se yonn nan moun lèm gade ki kontrè ak devlopman peyi a , ou se yon gwo lidè politik ou fè anpil travay se vre men nan sans pa m mwè yo alanvè ,imajine w pandan yon kantite kob ap depanse pou wout e ou menm antanke yon lidè manifestasyon ou pa ankouraje manifestan yo manifeste pasifikman pandan yap boule kawoutchou pou kraze wout yo fenk fè ou pa remake se lajan peyi a anko ki pral re fè yo? imajine w padan moun ou mete pou manifeste yo ap kraze vit machin moun travay di pou achte ,kraze magazen moun,boule ponp gazolin,pandan yap volè lajan ti machann volè machandiz yo e se sèl rekou yo pou voye timoun yo lekol e ba yo manje eske sa pa mechanste? pandan ke wap bay anpil manti le wap pale ou mete yon lot panse nan tet moun yo e yon bann jounalis opozan fe jounal vin tounen tripotay an ayiti ou pa konn sa kap di verite ,depi kilè jounal te konn politize ak mansonj? ak anpil anpil lot bagay.




Mwen vle fe w konnen je Bondye sou ayiti si wap kanpe kòm opozan pou anpeche peyi a mache wap jwenn ak Bondye men se pa sa m ta vle men mta renmen pou w fè yon reflechi olye pou w wap kraze sa kap konstui se mete tet ou pito ak moun ou wè kap travay pou peyi a pou nou fè peyi a ale pi devan,e map deklare w sa kit ou vle kit ou pa vle Bondye gen pou chanje peyi Dayiti.
mesye MOISES JEAN CHARLES m swete w pran konsyans ,e chanje paske gen anpil anpil moun kap soufri pou priye pou ayiti Bondye pap kite sa konsa, gen anpil moun kap soufri sou konsyans nou etc , mswete w pran konsyans reflechi paske gen yon Bondye kap gade.
se te Evangeliste Ronaldo Thelemaque



2 thoughts on “Lèt ouvè a mesye Moise Jean Charles: “W’ap jwenn ak Bondye! “

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *