Uncategorized

Mesaj Jovenel Moise: Mwen salye angajman pèp ayisyen an nan okazyon eleksyon 20 novanm yo.

jovenelmoise3Mwen retire chapo mwen byen ba devan pèp ayisyen an ki te soti jou dimanch 20 novanm 2016 la pou al ekzèse dwa konstitisyonèl yo pou mete dirijan lejitim nan tèt peyi a ak nan rès pouvwa lejislatif la.




Mwen sezi okazyon an pou mwen remèsye chak grenn konpatriyòt ki te pran chemen biwo vòt yo pou al sipòte vizyon pou nou mete tè yo, rivyè yo, solèy la ak moun yo ansanm pou pote estabilite ak devlopman nan benefis tout moun. — Solidarite pèp ayisyen an manifeste jounen vòt sila a pwouve angajman li pou vire do bay ansyen pratik kraze brize pou li dakò mete peyi a sou wout lòd ak pwosperite.
Mwen mande popilasyon nan tout peyi a pou rete tèt frèt pandan mwen ap kontinye veye enterè vòt ou.
Rat konnen. Chat konnen. Barik mayi a ap rete la !



Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *