HaïtiPolitik

Senatè Jean Renel Senatus bay rapò sou chèk 1,000,000 goud la





République d’Haïti​
BUREAU DU SENATEUR JEAN RENEL SENATUS
Nòt Biwo SENATE JEAN RENEL SENATUS
Map salye tout moun kap viv anndan peyi a kou deyò e saki nan depatman lwès la an patikilye. Fèt Pak la se fèt lanmou, padon, pataj ak sakrifis , Map swete nou tout jwayez pak !.
Nan lespri pataj saa letaa peyi a mete disponib pou chak senatè yon milyon (1000 000) goud pou yo ka ede gwoup ak rara kap sòti nan tout depatman yo,
Mwen menm tou kom Senatè, jedi sen, nan byen ta, mwen resevwa saki fèt sou nonm nan.
Jean Renel SENATUS pa janm nan fè wout kwochi ou detounen lajan leta, ni antre nan koripsyon ak’ pesonn.




[slideshare id=75055301&doc=chekzokiki-170415231500&type=d]




Se nan lit saaa, pandan ke lajan letaa pat’ menm ko disponib, ki ta pral’ mete pale anpil ak’ de (2) manm ekip mwen ki ta renmen kob saa separe yon lòt jan e nan yon fason ki tap ilegal.
Mwen regrèt anpil konvezasyon prive saa kite fèt sou gwoup ki fèt sou nonm nan lage sou rezo sosyal yo paske zanmi yo estomake em pat febli devan responsabilitem.
Map’ di tout pèp ayisien an ak tout zanmi ak fanmi depatman lwès la mwen regrèt sa anpil paske nan tout fanmi politik tankou nan tout lòt fanmi, konn gen pwoblem e se nan chita tande yo ka rezoud.
Janm toujou fèl, milyon goud la depanse pou sa leta te bay li a e li ale nan ven (20) komin depatman an pou rara, gwoup ak oganizasyon kap oganize aktivite. Pa rete anko . Map mete sou website senateursenatus,com e paj facebook mwen tout kopi chèk ak resi yo pou mounn ki vle verifye yo.

Se nan menm lespri pataj saa depi de (2) semenn mwen ak fanmim te konsanti depanse 990 000 goud pou achte pwovizyon alimantè pou ede sa ki pi fèb yo nan ven komin sof twa ki poko pran pa yo wa.
Jere yon milyon goud nan yon depatman kat (4) mylion moun kote pifò pap travay pap janm fasil e kob saa pap janm ka rive sou tout mounn.
Se pousa, mwen ap ekri biwo senaa poum mande a pati jodia pou okenn chèk sibvansyon pa fèt sou nonm anko, ke lajan saa al nan men majistra yo, kazèk ak azèk yo anba kontwòol leta.
Mèsi anpil pou lanmou, sakrifis, padon ak pataj nou tout ap konsanti nan peryod sent saa.
Pòtoprens, 15 avril 2017
____________________________
Jean Renel SENATUS, Av.
SENATE REPIBLIK la
13, Rue O Turgeau
Port-au-Prince, Haïti
Tel : (509) 3827-8880



Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *