Haïti

Dosye konvokasyon ansyèn premyè Dame Martine Moïse/ avoka yo jwen ke Jij Ikenson Edulme se bon bò frè John Joel Joseph.





Avoka ki reprezante ansyèn Premyè dame Martine Moïse ekri jij la kou kasasyon yo pou fè yo konnen akoz de gwo dout ki fonde yo gen sou entansyon jij Ikenson Edumé ki dapre prèv yo gen nan men yo se bò frè fijitif John Joel Joseph youn nan prezime asasen prezidan Jovenel Moise, Vèv defen prezidan mande pou jij la rale kòl nan dosye konvokasyon an.

Dapre sa avoka Martine Moise yo ekri, ansyen premyè Dam nan te sezi jwenn yon konvokasyon ki soti bò kote jij Edulme pou li te prezante nan kabinè li jou ki te 9 Oktòb la pou yon zafè de fo ekriti, kòripsyon ke Martine Moïse ta viktim, avoka yo di ke malgré anpil moun panse se te yon bon aksyon jij Edumé tap fè nan avantaj Madam Moïse, men se te pito yon kou mètdam yon po kann ak tout foumi ke jij la te pare pou li.




Kòm expliksyon avoka yo bay jij kou kasasyon yo, te gen anpil rimè ki tap fè komnen ke Jij Ikenson Edulme ta fanmi avèk ansyen senatè John Joël Joseph yon nèg ki ta gen menl tranpe byen fon nan asasina prezidan jovenel., avoka yo kontinye pou di ke se konsa yo menm yo te ale kote dwayen Bernard St Vil se konsa yon òdonans te soti pou mande ak achiv Nasyonal delivre yon kopi batistè Josué Pierre Louis, ki se se sekretè konsèy minis yo, Jij Ikenson Edumé, Darline Edumé ansanm ak ekstrè maryaj Darline sè jij Ikenson ak John Joël Joseph.



Avoka yo kontinye pou di ke yo rive jwenn ke jij Ikenson Edumé ki fèt nan vil Tigwav 2 mas 1979 se gran frè Darline Edume ki fèt li menm 16 novanm 1983, papa yo rele Exemple Edulme manman yo rele Denise Pierre Louis, e Darline Edulme ki se ti sè jij Ikenson Edulme se bèl e byen madan marye John Joël Joseph, yo te marye dapre sa ekstrè ak maryaj la montre le 21 Oktòb 2016 apre ke ansyen senatè fijitif la te fin divòse avèk ansyen madanm li Andrisse St Louis,




Loader Loading...
EAD Logo Taking too long?

Reload Reload document
| Open Open in new tab





Avoka yo konkli ke Jij Ikenson Edulme se bò frè John Joel Joseph ansanm ak Sekretè Konsèy minis yo Josué Pierre Louis, ki donk yo mande jij la kou kasasyon pou retire jij Ikenson Edulme sou zafè a, voye dosye premyè Dame Martine Moïse la devan yon lòt jij kap feraye nan jiridiksyon pòtoprens.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *