Haïti

Diskou Prezidan Repiblik la nan okazyon komemorasyon fèt drapo a





Ayisyen, etranje, zanmi peyi Dayiti, envite, nou tout ki reyini isit la nan Akayé pou fete dat kreyasyon drapo Ble e Wouj Zansét yo kreye nan lane 1803, èske nou gen konsyans ki kote nou ye la? Kisa evénman sa vle di pou nou menm Ayisyen, pou tout kretyen vivan sou latè, pou limanite? Li lè, li tan pou verite sa a blayi, li lè li tan pou verite sa a rantre nan tèt ak nan kè tout ayisyen. Akayè, ou se vil istorik kote konbatan pou libète ranpote laviktwa sou sistèm kolonyal ak systèm esklavajis ki te fè moun tounen bét. Sistèm esklavajis la detwi kò ak nanm moun. Li sèvi ak prejije pou ka fè nèg tounen byen ak pwopriyete blan. Li pase anba pye pi gwo richès tout moun dwe genyen ki se LIBèTE. Se nan non libète, nan non limanite, zansèt nou yo te voye jete tout sa ki te divize yo, yo te voye jete tout diferans koulè po ak diferans sosyal, yo te voye jete diferans richès pou mete tèt ansanm. Nan tèt ansanm, nou te fè 1803. Se isit la menm, nan Akayé zansét nou yo te voye jete tout sa ki divize yo pou yo antann yo sou sa ki rasanble yo.

Se drapo lame endijén nan, nan Kongrè Akayè ki simante fòs konbatan yo, ki ba yo kouraj pou mennen lit la jiskaske yo fonde yon nasyon endepandan : nasyon ayisyenn nan.
Frém ak Sém,
Éske nou byen konprann kisa sa vle di gwo kokennchenn zak zansét nou fé nan lane 1804? Wi, moman an rive, moman an rive pou pawòl la pale. Moman an rive pou limyè laverite klere nou tout : Dessalines, Christophe, Petion, Clerveaux, Geffrard, Vernet Capois, Gabard, Romain, Gérin, Daut, Jean-Louis François, Férou, Cangé, Bazelais, Magloire Ambroise, Herne, Toussaint Brave, Yayou, Bonnet, Papalier, Morelly, Chevalier, Marion, Magny, Roux, Chareron, Loret, Quené, Macajoux, Dupuy, Carbonne, Diaquoi aîné, Raphaël, Malet, Derenoncourt, Boisrond Tonnerre.
Non sa yo, nou pa dwe janm bliye yo. Non sa yo dwe grave nan kè tout jenerasyon ayisyen. Non sa yo bay limanite veritab diyite li.




Se nan Akayé, kote nou ye la-a, zansèt nou yo te pran gwo desizyon ki pral chanje wout listwa, ki pral chanje jan mond lan òganize. Se pa sélman libéte, yon nasyon lib, yon nasyon endepandan yo kreye. Kongrè Akayé, konba Vètyè se chimen libète pou tout pép sou la tè, san pa gen diferans koulè.
Lè nan yon peyi, nou tande demokrasi tabli kòm rejim politik, lé nou tande pèp nan mond la ap revandike dwa, nou mèt di nou menm ayisyen nou travay pou sa! San nou koule Vètyè pou Libète vini byen tout pép, san pa gen eksepsyon. Si mond lan oganize jan l ye la jodya, si tout pèp sou late ka revandike dwa yo, si Nasyon zini egziste pou asire vijilans sou respè dwa moun tout kote sou late, nou mèt di sa te komanse isit la nan Akaye. Nou mèt di se gras a Gonaiv, nou met di se paske Ayisyen te montre lame Napoleon kite pi pwisan nan epòk la longè li nan Vètyè. Nou met di se paske zanset nou yo te an anvans sou tout lòt moun nan period sa-a.
Nou met di Ayiti te travay pou sa.
Se nan sans sa-a, nou toujou di Ayiti se byen limanite. Se byen sa a, se patrimwann sa-a map mande nou yon lòt fwa ankò pou nou defann.
Jodi a nou bezwen mete tét nou ansanm pou nou konstwi yon demokrasi dirab, yon demokrasi kote lapé, pwogré ak estabilite gen bonjan fondasyon.
Isit la nan Lakayé, se pou nou pale pawòl verite, pawòl ki mache avèk grandè, kouraj, sakrifis zansèt nou yo. Premye Mandatè nasyon an, se devwa mwen, e se pou sa nou vote m, pou m travay pou kondisyon lavi chanje isit. Mwen sèten nasyon an, fanm ak gason nan peyi a vle vanse. Men pou kisa nou kanpe sou wout pwogré? Verite a paka kache.

Nap kontinye travay pou wete peyi a sou wout trajedi pou nou mete l definitivman sou wout pwogrè. N ap travay pou anviwonman nou an sispann degraba; N ap travay pou yon pi bon sistém sante, pou yon agrikilti ki mete manje nan asyèt pèp la, ki respekte ak pwoteje anviwonman an. N ap travay pou yon endistri touristik ki mete anvalè richès istorik ak kiltirèl peyi a. Se pou sistèm edikasyon an patisipe nan kreye yon lòt sitwayen ki pran konsyans de ki moun nou ye, ki bay Ayiti plis valè nan diskou ak aksyon yo. Se pou lekòl ak inivèsite nou yo fòme moun ki kwè nan kreyasyon richès, moun ki gen lespri pou kreye biznis pou moute endistri. Moun ki p ap mande kisa peyi a ap fè pou yo, men ki mande chak jou kisa y ap fè pou nou gen yon pi bon peyi.
Mes chers/ères amis/es,
Je le concède. Les racines du sous-développement d’Haïti sont profondes et nombreuses. Les pourfendeurs de la liberté défendue par Dessalines nous ont fait payer chers 1804. Le prix du sang n’a pas été suffisant. Il a fallu y ajouter l’autarcie forcée et l’isolement. Cette haine profonde de la liberté nous a été franchement défavorable. Mais aujourd’hui nous ne pouvons plus prétexter les injustices du 19ème et du 20ème siècle pour ne pas prendre en main notre destin de peuple.
A l’Archaie, du haut de cette tribune je vous convie à vous faire maitre de votre destin. Faisons ce même saut fraternel qui avait permis à nos ancêtres de vaincre la barbarie et la tyrannie de l’esclavage, au nom d’une humanité universalisée. Oui, avant 1803, il existait plusieurs humanités hiérarchisées. Grâce à l’épopée haïtienne, l’humanité devient universelle. C’est là une vérité que personne ne peut occulter.




Par son histoire, sa culture et son climat, Haïti a tout ce dont un peuple a besoin pour être prospère. Si seulement nous en avions conscience… Nous avons tout pour être riche. Que dis-je? Nous sommes riches. Mais nous ne savons pas valoriser notre richesse. Nous avons choisi de ne pas consacrer cette richesse au bienêtre des filles et des fils d’Haïti. C’est là une erreur monumentale que nous nous devons de corriger.
A force d’ignorer qui nous sommes, nous avons fini, hélas, par nous convaincre que nous ne valons pas grand chose. A force d’ignorer notre grandeur, nous avons fini par nous complaire dans la petitesse, voire l’insignifiance. Pourtant, nous sommes Haïti!
J’invite le peuple haïtien, mon peuple, à se ressaisir. Faites cet exercice, imaginez tout ce que le mot « Haïti » évoque de beau, de grand, de sublime. Prenons l’engagement de mettre en valeur cette évocation, de travailler à la grandeur de notre pays. En vérité, on peut nous épauler, on peut nous accompagner, mais personne, je dis bien, personne, ne le fera à notre place. C’est aux haïtiens de croire à la performativité des mots, c’est à nous de croire au pouvoir de l’imagination. Nous en sommes capables. Nous le devons à nous-mêmes, à nos ancêtres et aux générations futures. Haïti ne peut pas. Haiti n’a pas le droit de cesser d’être l’exemple qu’elle a été pour des générations de combattants de la liberté partout à travers la planète.
Frè m ak Sè m yo,
Jodia se nou menm ki dwe ranmase karakté nou, bay fré nou ak sè nou lamen pou nou tout ansanm nou pran yon lot wout. Lé nou divize, lé youn ak goumen ak lot, se pot nou louvri kont enteré nou, se konsa nou enstale tét nou, nou enstale nasyon an nan yon sitiyasyon enstabilite, kote chak gouvénman ki pase pa jwenn yon eritaj ekonomik, yon eritaj enstitisyonél li ka itilize pou l ale pi lwen.
Se konsa istwa politik ak ekonimi peyi a finn pa sanble yon tablo kote youn ap ekri e menm kote a yon lot ap efase. Nou pap jwe avék mo, nou paka jwe avék mo paske sitiyasyon sa-a, li vle di soufrans, li vle di inegalite, li vle di esklizyon, li vle di grangou, li vle di endiyite pou majorite nasyonal la! Sa paka kontinye! Pandan lontan richés peyi a, byen peyi a se byen kék fanmi Potoprens! Konsa yo te pale de repiblik de Potoprens. Nou te genyen tou yon sistém eskolé ki te separe lekol rural ak lekol lavil, batistè peyizan batistè nòmal avék tout konsekans nou konnen sa genyen : Plizye nasyon nan yon sél peyi!
Men konsekans lan : nou livre pép la nan mizé e mizé sa a menase nou tout. Lé non ayisyen mal site jodia, se nou tout ki konséne. Sou fwontye Repiblik Dominikén, nan peyi Chili, Ajantin, nan Miyami, lé jenés peyi a al chéche lavi miyo, lé lap soufri, soufrans lan pou nou tout! Mwen di : Fok sitiyasyon sa chanje! Moun kap ranje ko yo, kap manipile enstitisyon yo pou demokrasi nou an vinn pwopriyete prive yon gwoup monopolé ak koripté, nou di non sa pap kontinye, sa pa dwe fét, pwen final la nap mete l e nap mande jenés peyi a nan tout dis (10) depatman yo, ak diaspora, nap mande tout fos viv peyi a pou yo leve kanpe, travay pou derasinen gangrenn koripsyon ak enjistis ki apovri peyi a e mete l nan sitiyasyon depandans. Se pa sa zansét yo te vle, se pa pou sa yo te konbat! Tanke espri Akayé vivan, Drapo nasyonal la ap sipote nou nan lit nou dwe mennen pou eméjans ekonomik, politik, sosyal, demokrasi nou an. Mwen konvenki, mwen kwé pép ki eli m Prezidan peyi a fé chwa pou yon lot politik e pou nou fel yon lot jan. Se pou sa ekip gouvénmantal la mete l alekout pép la, alekout nasyon an, pou amelyore kondisyon lavi isit. Menm jan nap travay pou dwa tout sitwayen respekte, nap egzije pou tout sitwayen fé devwa yo. E lé a rive pou nou raple, gen twa pouvwa Konstitisyon an konsakre : pouvwa egzekitif, pouvwa jidisyé, pouvwa lejislatif. Mwen di Konstitisyon an pa bay pésonn dwa vyole la lwa, kit ou se senp sitwayen, kit ou se senp fonksyoné, kit ou se manb egzekitif, kit ou se manb pouvwa jidisyé, oubyen pouvwa lejislatif. Map di iminite nan estati ak fonksyon pa bay pésonn dwa vyole la lwa, ni machande enteré nasyon an, ni benyen nan koripsyon ni destabilize konstriksyon demokrasi a. GWO konseye Prezidan, Konseye Premye Minis, Senate, Depite, Minis, Direkte Jeneral, Jij, Majistra, Chef LAPolis, Chef Lame, kache deyè swadizan iminite pa bann dwa poun fé dappiyanp sou té leta, Patisipe ou ankouraje kontrebann, detounen lajan leta, oubyen pou ap chache koronp Lé a rive pou nou di koripsyon se pa sélman fé dappiyanp sou lajan ak swe pép la. Koripsyon se detounen enstitisyon yo de vrè bi yo. Koripsyon se kanpe an kwa pou enstitisyon peyi a pa mache, pa modénize, paka sevi enteré kolektivite a.
Ayiti gen yon konstitisyon ki defini rejim enstitisyonél li, ki se demokrasi. Gouvénman mwen an, pou asire chanjman total kapital sa a, li mete an wout karavann chanjman an ak eta jenewo sektoryél nasyon an. Karavann chanjman pran wout pou yon desantralizasyon tout bon. Li lé, li tan pou komin yo, abitasyon yo awondisman yo depatman yo konekte, li lé pou richés agrikol, minyé, maritim, enéjetik devlope e explwate nan enteré tout sitwayen sou tout teritwa peyi Dayiti. Soléy peyi Dayiti pa etenn. Moun ki te kwé sa, yo twonpe yo! Lé nyaj bare soléy la, sa pa vle di soléy la etenn.
Desten nyaj se bare yon pati pafwa yon gwo pati nan reyon soley la. Apre sa lap fòn, lap disparèt. Desten soley la se klere tout tan ki gen tan. Li tann nyaj la pase ou fonn pou l kontinye klere et chofe late. Lespri ki bay nesans a Ayiti li pi gran ke Ayiti. Li pigran ke tout sa nou menm lezom sou latè ka konprann. Libete se yon byen limanite. Ayiti se yon fa pou tout limanite.
Sitwayen,sitwayén,




Fré m ak sé m,
Nou chak gen mo pa nou pou nou di nan konstriksyon demokrasi peyi a! Nou menm tou nou se Ayiti. Pa koute pawol destriksyon, pa koute pawol divizyon, pa koute pawol dekourajman. Prezidan peyi a, mwen angajem, pou m redefini enstitisyon yo, pou m fé lajistis tabli, pou dwa ekonomik ak sosyal nou respekte.
Eta jenewo sektoryél yo, se yon inisyativ prezidans lan pran pou envite tout sekté nan peyi a, pou reflechi ansanm sou sa ki anpeche nou avanse sou wout pwogré ak modenite, e pou nou jwenn ansanm bonjan solisyon ak pwoblém yo. Konsa, nou poze kesyon sa yo : pou ki sa finans piblik yo mal jere? Pou ki sa envestisman nan domen estratejik ensifizan? Pou kisa nou pa ka kreye richés pou asire kwasans ekonomik e asire bezwen fondamanto nou? Pou kisa sistém politik ak sosyo ekonomik nou montre enstabilite sa? Pou kisa nou pa kapab reponn ak bezwen fodamanto pep la? Pou kisa rayisab, mefyans, divizyon ap boulvése sosyete a? On dire, komsi, nou ta refize pran wout pou fé byenét nasyon an e konstwi yon demokrasi dirab, estab. Eta jenewo sektoryel la, se bi li sa : Pwopoze e adopte yon pak sa vle di yon antant ant tout Ayisyen pou estabilite pwogre ekonomik ak sosyal nasyon an. Se sa nou ka rele yon antant pou yon lot tip de gouvenans ki pran mwayen, resous, taktik ak estrateji pou bati yon lot nasyon, yon lot sosyete, yon nouvel Ayiti. Pak sa a se moman yon revolisyon trankil k ap chanje peyi nou an, sosyete nou an. Transfomasyon saa lap fét san vyolans, nan respé youn pou lot, jan Konstitisyon an mande l.
Sé m ak fré m,
Sitwayen ak Sitwayén tout jenerasyon
Map mande nou pou nou sipote eta jenewo sektoryél nasyon an, e pou nou patisipe nan pwosesis redefinisyon enstitisyon nou yo. Gouvenans politik, gouvenans ekonomik, gouvenans anviwonman, gouvenans espas piblik, gouvenans sante, gouvenans kiltirel, gouvenans lod ak sekirite piblik, gouvenans plas ayiti nan mond entenasyonal, kelkeswa kote nou ye sou teritwa a, se pou nou fé konnen sa nou panse, denonse sa kap mache mal, e fé pwopozisyon pou amelyore gouvenans sa yo, Sa fé two lontan yo retire nou lapawol, sa fé two lontan yap pale pou nou, sa fé two lontan yap fé komsi se enterè nou yap defann. Nan lane 1987, apre anpil sakrifis, nou mete kanpe yon rejim konstitisyonel demokratik. Li ba nou dwa antanke sitwayen ak sitwayenn pou nou patisipe nan desizyon kap pran nan lavi politik, ekonomik, sosyal, ak kiltirel peyi nou. Nou gen dwa pa we pwoblem yo menm jan men nou pa lenmi pou sa, nap chita ansanm pou nou cheche solisyon ki bon pou avansman peyi a. Lé yon vwa leve, lé yon group politik mande nou pou bloke lari, pou bloke wout nasyonal, ampeche lekol fonksyone, manifakti ak endistri louvri, se pa demokrasi yap defann! Lé vwa ak group leve pou mande vyole lalwa, detwi byen prive ak piblik, se pa demokrasi yap defann! Le yon vwa leve ak group politik pou fe enterè yo pase anvan enterè sosyete a se pa nan wout estabilite ni lape, ni pwogré yo vle mennen nou!
Premye mandatè nasyon an, mwen gen responsabilite konstitisyon an fikse nan atik 136 ki banm yon devwa siprém pou m garanti bonn mach enstitisyon peyi a. Mwen pap fé bak devan devwa mwen! Prezidan nan yon rejim demokratik mwen dwe veye pou pliralis politik respekte, pou twa(3) pouvwa yo fonksyone san youn pa mache sou pye lot! Men, devwa sitwayen yo,devwa konstitisyonel yo, yo dwe respekte, paske nan demokrasi dwa ak devwa pa separe, yo mache kòt a kòt. Se demach saa, se konsyans saa, zanset nou yo te genyen lé yo reyini ansanm an 1803 Akayè, pou yo akonpli kokennchenn devwa sitwayen ki pemet fonde nasyon ayisyenn nan : devwa chanjman, devwa respe tét yo, devwa respé moun pou moun.
Nan lane 1803, kongré Akayé chanje peyi a, chanje chimen listwa de limanite.
Sé m ak fré m,
An nou montre nou nan nivo reyalizasyon ak rév zansét yo!Drapo a se senbol nou,drapo a se senbol inite nou! Ansanm nap chanje Ayiti!



Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *