Haïti

Diskou Prezidan Jovenel Moise la – 14 Fevriye 2019





Mwen vinn pale avèk nou jodi a, sou sitiyasyon peyi a trouve l depi plizyè jou. Kote tout aktivite paralyze nan anpil zòn, sitou nan zòn metropolitèn nan.

M ap voye senpati m bay tout viktim zak kraze brize ki fèt nan dènye jou sa yo. Mwen panse a fanmi moun ki pèdi lavi yo, moun ki pèdi biznis yo, ki pèdi machin yo, ki pèdi komès yo, timachann ki pedi bak yo. Nan non nasyon an, mwen eksprime yo tout solidarite mwen.

Mwen voye senpati m bay Pèp la kap viv yon sityasyon imanitè grav ki pa ka jwenn manje pou yo manje, ki paka ale lopital, Ki paka jwenn medikaman, ki paka ale lekol.

Manifestasyon se yon dwa tout sitwayen genyen nan demokrasi. Dwa sa a makonnen ak devwa chak moun genyen pou respekte lalwa. Li inakseptab pou moun ki gen fonksyon ofisyèl ap manifeste kot a kot avek chef gang amé ke lajistis ap chache. Sa a se yon siyal ki pa fè lonè demokrasi, ki pa fè lonè enstitisyon nou yo.

Mwen voye yon gwo kout chapo bay lapolis, chak polisye ki te fè tout sa yo kapab pou pwoteje lavi ak byen moun. Prezidan nou fyè de nou. Peyi a fyè de nou.

Moun ki nan plis bezwen yo se avè nou m ap pale, moun ki gen menm orijin sosyal avè m yo, moun ki gen yon frè, yon sè, yon kouzen, yon kouzin, ki oblije kite peyi a pou ale chache lavi miyo yon lot kote, pafwa yo nwaye nan lanmè, reken manje yo, bèt sovaj nan forè devore yo. Moun ki leve maten ki pa jwenn anyen pou yo manje ansanm ak pitit yo, map di nou tout, mwen pap janm trayi nou. Se pou nou mwen te kandida, se pou nou mwen vinn prezidan, se pou nou map travay. Men pa bliye, lè w prezidan yon peyi ki pa gen gwo mwayen tankou peyi pa nou ou oblije chwazi ant aksyon kap mete Ayiti sou ray devlopman tout bon vre men ki pran yon titan, e aksyon ki ka parèt bon jodi a men kap plonje peyi a nan plis mizè demen.




Mwen tande vwa pèp la, mwen konn pwoblèm kap toumante nou. Se poutèt sa, gen yon pakèt mezi gouvenman an pran, mwen mande Premye Minis la poul vinn eksplike yo e aplike yo prese prese pou soulaje mize nou.
M ap kontinye mande CSPN nan pou gen dispozisyon ki pran pou akonpaye popilasyon an pou serenite, lapè ak kè poze retounen nan 4 kwen peyi a.
Pep Ayisyen,

à) Kriz peyi a ap travese a grav anpil. Depi Jiyè pase a, pèp la te soti nan la ri pou l mande chanjman nan kondisyon lavi l. Mw tande vwa li. Se poutet sa Mw te chwazi yon moun ki te kandida anfas mwen nan eleksyon, Notaire Jean Henri Ceant kom Premye Minis pou fome yon gouvenman. Senk mwa apre, Kriz la Vin pi grav e li menase fondasyon peyi a. Li ka gen anpil konsekans sou peyi a. Gen de moun ki pa nan afe demokrasi, ki pa pou yon eta de dwa ki vle enpoze nasyon an yon bagay ki pap bon pou li. Li paret kle pou tout moun, ke se selman yon chita pale ak tout fos nasyon an ki ka ede n soti nan sa n ye la a, pou tout bagay diskite kom sa dwa.
Nou pase yon latriye gouvenman tranzisyon ki bay yon pakèt katastrof ak dezod ki fè peyi a anpil mal. Anpil san koule pou anyen. Leta vinn pi fèb e lavi tout moun ap degrade chak jou piplis. Nap vle refè menm bagay yo chak fwa. Chak fwa gen pwoblem sa yo, to dola monte, lamizè vin pirèd. Pa gen moun k ap reflechi tout bon vre sou kriz nap travese jodiya kipa konprann ke se sel chimen dyalog pou nou pran si nou vle lapè ak pwogrè tout bon vre. Pagen moun ki gen bon konprann kita renmen gè sivil eklate nan peyi a. Li pap bon pou pèson.

Pèp Ayisyen,

Ki moun ki prezidan ki tap dako pou y ap vyole pitit fi moun, touye jenn gason, boule polisye ?
Ki moun ki prezidan ki tap dako pou bandi ke lapolis ap chache ap taye banda ak gwo zam fann fwa, men nan kou ak moun ki di yo se demokrat.
Mwen menm Jovenel Moise, Chef Leta, mwen pap lage peyi a nan men gang ame ak dilè drog.

Pandan gen la twoublay nan peyi a, yon seri de moun pwofite pou fè desann avyon dwog nan Mole sennikola, kraze prizon nan sid, itilize fijitif entenasyonal pou fè konplo asasinay sou Prezidan peyi a.
Tranzisyon, enstabilite ak trafik dwog toujou mare kod lonbrit yo ansanm. Enstabilite ak lamizè se kokot ak figaro.

Mwen mande pou konsey siperye polis nasyonal la pran dispozisyon pou arete tout machan dwog, ak moun k ap boule polisye, simen dèy ak teworize popilasyon an.

Peyi a soufri twòp. Mwen louvri bra m bay moun ki pa dakò avèm yo, pou vin chita pale, chèche yon konsansis lajman laj pou nou ka jwenn yon akò politik k ap pèmèt nou rezoud pwoblèm k ap boulvèse peyi a.
M ap mande tout fòs viv peyi a mete men ak mwen, rasanble fòs nou ak volonte nou anba limye ak sajès Granmèt la pou n chanje sa tout bon vre nan benefis tout pep ayisyen an, nan yon dyalog san fos kote.




Mwen remèsye tout zanmi nan Kominote entenasyonal la, ki toujou kanpe bo kote pèp Ayisyen an. Mwen remèsye yo pou gwo sipò yo ban nou sitou nan domèn sekirite e ke yap kontinye ban nou.

Pèp ayisyen m ap fini pou m mande w kontinye banm sipo w. Mwen vle w konprann ke mwen menm avè w desten nou makonnen. Mwen konnen w viktim de systèm nan. Sel sa map mande w louvri je w. Mwen gen deteminasyon ak kouraj pou m kontinye travay pou m chanje kondisyon wap viv, pou pitit ou ak pitit pitit ou ka gen yon demen miyo.

Viv demokrasi !

Viv pep Ayisyen!

Viv Ayiti !

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *