Discours du Président de la République, S.E.M. Jovenel MOÏSE Inauguration du bâtiment de la CSCCA.




Pèp Ayisyen, Frèm ak Sèm kap koute m nan 4 kwen peyia ak nan Diapora,
Pwoblem ensekirite a soti pou atake fondman nasyon an, anpil zak briganday ap pase plizyè kote dan lemondantye men sa yo paka ekzanp pou nou, mwen pran nouvèl ke avi de rechèch mete kont prensipal sispèk nan zak asasinay ki fèt sou jèn ekolye a, yon ti moun ki tap fè filozofi, sa vle di li te nan wout poul vini yon gwo fanm demen. Lapolis ak lajistis se pa avi de rechech sèlman map tann nan men nou, men se koupab tout zak sasinay ki fèt sou sitwayen pezib nan peyi a. Pèp la bezwen konnen ke kriminèl yo anba kòd. Tout moun kap touche lajan leta se lajan pèp la ke wap touche, ke w se polisye, jij, komisè, minis elatriye, tout moun ki la pou mete lapè ak sekirite nan peyi a fòk nou montre pèp la klè ke bandi, kidnapè, asasen komanse chanje metye.






Mwen kontan anpil maten an pou m inogire bèl batiman sa ka pral resevwa Koudèkont ak Kontansye Administratif peyi a. Gen plizyè fwaz mwen te toujou renmen repete lèm te nan kanpay tankou : « Mwen pral korije tout sa ki te fèt mal. Mwen pral inove nan tout domèn ki merite gen inovasyon. Mwen pral konsolide tout sa ki te byen fèt ».
Lè map inogire bèl Batiman sa maten an, sa rantre nan kad kontinyite Leta, nan kad konsolide sa moun ki te pase avanm yo te fè. Si moun ki te nan tèt Leta pat pran desizyon pou te konstwi batiman sa, mwen ta pral oblije konstwi l, paske se yon nesesite.




Tout travay map fè la yo tankou :konstwi aewopò jeremi ak ri nan vil la, konstwi Baraj Maryon ak baraj latanri, konstwi wout Kafou Jòf- Ans-à-Folè a, konstwi wout ench/senrafael la, fini ak konstwiksyon wout kay-Jeremi, refè tout rezo elektrik zòn metwopolitèn nan ak tout rès komin nan tout peyi a, repare santral elektrik ki an pann ak ogmante kapasite yo nan Okap, Gonayiv, Okay, Ansavo, petit twou de nip, Machan Desalin, Tigwav, Jakmel, Senmak, Fòlibète, Jeremi, Vyeboudakin, dwè nan komin Liankou, vare nan pòtoprens, pelig nan Plato santral, konstwiksyon santwal elektrik tounèf nan pòdepè ak kafou san konte tout mezi nou pran nan domèn ekonomik pou nou leve eskanp figi goud la ki fè jodi a majorite popilasyon an rale yon souf nan kesyon lavi chè a.

Si nou pat fè tout bagay sa yo, Prezidan ki pral vi n aprèm nan kap sot nan eleksyon ki gen pou fèt yo ta pral oblije fè yo, paske se yon nesesite pou yo te fèt.
​Jodi nou pran desizyon pou n rezoud kesyon blakawout la nèt. Prezidan kap vi n aprèm nan pap gen pwoblèm blakawout pou l rezoud. Sa rele kontinyite Leta.

Kidonk lè gen yon gwoup moun, gen yon sektè kap kreye enstabilite pou yon Prezidan pa travay, se peyi a kap anreta nan devlopman l. Lè gen gwo sektè pwisan ak gwo mwayen kap finanse enstabilite politik pou yo toujou ap souse manmel.
Lè leta fi n konstwi bèl wout sa yo e pi nan mande tranzisyon ou fè yon bann inosan al boule kawoutchou sou asfat la, se pèp la ou pa vle gen bon wout pou l sikile lib e libè.

Lè Leta fè jefò pou achte yon bann ak yon pakèt ekipman ak materyèl pou konstwi wout, kire kanal ak rivyè, pou ranmase fatra, e pi yon gwoup moun boule yo, se vil nou yo ki pap pwòp, se moun kap mouri lè rivyè desan, se jaden nou yo kap pèdi paske kanal yo pa kire. Lè enstitisyon leta yo pa travay annamoni se pèp la ki pap jwenn sèvis.
Lè gen pouvwa nan Leta kap bloke lòt pouvwa pou anpeche lòt enstitisyon jwi wòl yo, fè devwa kòm sa dwa, se move siyal nou voye bay pèp la. Se estabilite peyi a ki an danje. Pèp la ap pran nòt. E pèp la ap poze tèt li kesyon sou kiyès ki pap sèvi l kom sadwa ak kiyès ki vle retire l nan katchouboumbe sa ke l trouve l jodi a.
Mwen kontan anpil, paske yon gwo enstitisyon tankou Koudèkont pa pral oblije ap demenaje tout tan. Enstitisyon an gen pwòp lokal li ki rele l chè mèt chè mètrès. Yon enstitisyon ki si nòb te merite pou l gen yon lokal ki sanble avè l. Manm Koudèkont yo, kad yo, ak tout anplwaye yo pral ka travay nan yon bèl espas ki pwal pèmèt yo pi efikas. Map mande Ministè finans pou l chita prese prese ak prezidan koudèkont la pou konnen bezwen ekip la, pou yo ka byen antreteni batiman sa.
Mèdam, Mèdmwazèl, Mèsye
Mwen pa vle rate okazyon sa pou m fè yon ti pale sou inite ki dwe genyen nan Leta a. Leta se yon sèl, menm si l gen ladann plizyè pouvwa, plizyè enstitisyon ki konpoze l. Si pa gen inite, solidarite, bon konpreansyon yonn pou lòt, chita pale yonn ak lòt, Leta pap efikas. Diferan pouvwa ak enstitisyon ki konpoze Leta a ap tounen yon gwo mons, yon gwo koulèv 7 tèt kap souse, kap devore pèp la olye l sèvi l.

Tout moun ki nan Leta, kòmanse pa mwen menm Prezidan Repiblik la, pase pran Premye Minis, Minis, Sekretè deta, Senatè, Depite, Delege, Vis-delege, Direktè jeneral, tout lòt gwo fonksyone piblik yo, Magistra, Jij, kazèk, Azèk, Delege vil, etc… Nou tout gen yon sèl patwon. Nou la pou yon sèl bagay : « Sèvi pèp la ».
Chak fwa yonn nan nou pa fè jòb nou byen, se pèp la kap soufri. Chak fwa nou pa antann nou pou n pran pi bon desizyon kap bon pou pèp la, konnen ke nap travay odetriman pèp la ki peye ni mwen ni nou.
Sèvi yon Pèp pa yon djòb fasil, men se yon djòb ki nòb. Li mande pou w fè depasman. Li mande pou w bliye tèt ou pafwa, blye fanmi w, blye zanmi w, mete akote zafè pèsonèl ou pou w bay tèt ou toutantye pou sèvi pèp la. Se yon gwo sakrifis ke chak moun ki nan Leta dwe fè.
Atik 136 konstitisyon an banm dwa pou m veye pou tout enstitisyon yo byen fonksyone. Paske lè enstitisyon yo byen fonksyone, gwo gayan an se pèp la. E pou enstitisyon yo byen fonksyone fòk tout pouvwa Leta yo ak enstitisyon an amoni antre yo.
Se pou tèt sa depi m rive nan tèt Leta a, mwen fè anpil jefò pou m fè ekilib ant 3 pouvwa Leta yo e pou m fè tout enstitisyon fonksyone nan lapè, nan amoni, nan respè yonn pou lòt. Nan tout entèvansyon ni piblik ni prive ke m fè, mwen toujou ap preche lapè, linite, linyon, solidarite. E map kontinye fè sa. Mwen toujou evite konfwontasyon. Mwen chwazi wout dyalòg. Mwen chwazi wout konsansis. Paske se nan sa m kwè. Paske se sa ki demokrasi.
Map mande pou tout pouvwa Leta yo ak enstitisyon yo pou yo fè djòb yo. Mwen fè jefò pou m dirije peyi a nan respè lalwa, nan respekte règ ak prensip demokratik yo. Mwen fè sa sanm pa pilonnen anba pye dwa ak pouvwa okenn lòt pouvwa ak enstitisyon. Mwen toujou aji nan limit pouvwa konstitisyon an ban mwen. Menm jan, m ap mande pou tout lòt pouvwa ak enstitisyon yo fè jòb pa yo. Respekte limit ke la lwa ba yo lè yap aji.
Nou tout kap tande m la wè aklè pouki dwe gen bon amoni ak antant ant enstitisyon ak pouvwa Leta yo. Okenn enstitisyon pap gen fòs san lòt enstitisyon yo.
Andedan Leta a se yon pouvwa ki konplete yon lòt pouvwa. Se yon enstitisyon ki konplete yon lòt enstitisyon. Kidonk lè nou tout met ansanm, lè nou tout ap gade nan menm direksyon, lè yonn ap sipòte lòt, Leta a ap vi n fò.
Deviz nou se “L’union fait la force”.
Nou dwe met fòs nou ansanm pou konbat koripsyon, kontrebann, sifaktirasyon, divizyon, la èn, ensekirite, enstabilite, vyolans sou tout fòm, soudevlopman, analfabetizasyon, mizè, prekarite, eksklizyon sou tout fòm kit li ekonomik, sosyal, politik, kiltirèl elatriye.
Defi kap tann nou yo mande fòk nou gen kouraj, fòk nou solidè, fòk enstitisyon nou yo djanm pou nou simonte yo. Sinon nou pap ka fè fas kare ak yo. E nou tout ka disparèt anba vyolans avèg fòs fè nwa yo ki se lènmi patri a.
Jodi a mwen mande chak moun ki nan tèt yon enstitisyon nan Leta pou evalye tèt ou, evalye konpòtman w. Mande tèt ou eske se ou ki te dwe la ? Kisa w te dwe fè ou pa fè ? Kisa w te ka fè ou pa fè ? Kisa w te dwe fè byen, men ou fèl mal ?
Souvan nou enterese plis ak privilèj e avantaj djòb la ofri nou, san nou pa fè okenn sousi pou devwa nou. Nou pat pran djòb nan Leta pou n te vi n rich, ni pou n te vi n jwi privilèj sèlman. Nou te pran djòb nan Leta pou n sèvi peyi nou, pou n sèvi pèp la. Chak fwa ou aksepte pran djòb nan Leta pou vin rich, ou dwe konnen se pèp la ki vin pi pòv.
Mèdam, Mèdmwazèl, Mèsye,
Ayisyen, Ayisyèn kap koutem nan 4 kwen peyi a ak nan Dyaspora
Mwen rete anviron 16 mwa pou m pase nan tèt Leta a. Gwo refòm mwen kòmanse yo e kap bon pou tout peyi a mande anpil sakrifis, anpil depasman ak bon rezònman kay chak aktè, chak enstitisyon pou yo akonpli. Anpil nan refòm sa yo pap posib sim pa jwenn sipò e konpreyansyon lòt pouvwa ak enstitisyon enpòtan nan Leta a. Map bezwen sitou sipò pèp la pou m fè refòm sa yo ateri.
Kit se refòm nan kesyon enfwastrikti peyi a tankou kouran 24/24 la, enstale ponp dlo ak sistèm solè nan tout peyi a, kit se kontwi wout e konekte zòn pwodiksyon agrikòl yo ak zòn konsomasyon yo, kit se refòm nan zafé pwodwi petwolye yo, kit se modènize ak nimerize administrasyon piblik la, kit se lit kont koripsyon an, kit se refòm konstitisyon an ka pral mete ekilib nan mitan pouvwa Leta yo e ki pral pèmèt peyi a byen gouvène, mwen rete kwè ke se wout sa yo pou n pran. Paske se yo ki wout chimen devlopman, kwasans ekonomik e estabilite tout bon vre.
Map mande chak enstitisyon, chak pouvwa ki konsène pou yo pote kole san rezèv pou refòm sa yo ka ateri. Peyi a ap rekonesan anvè nou. Jenerasyon kap vini yo ap gen pou di nou mèsi pou sa.
Avanm fini, mwen ta renmen bat yon gwo bwavo pou tout enstitisyon ki te jwe yon wòl kelkonk nan konstriksyon bèl batiman sa. M ap di UCLBP konpliman. M ap di responsab antrepriz konstriksyon an, enjenyè ak ouvriye li yo, Antrepriz sipèvizyon an konpliman pou bèl travay sa.
Mwen pa vle rate okazyon sa pou m raple tout aktè politik yo, tout moun nan sosyete sivil la, lidè relijye yo, fòs ekonomik yo e tout fòs viv nasyon an ke tren solidarite a, tren viv ansanm nan, tren estabilite a, tren linyon an, tren rekonsilyasyon an mwen toujou ap pale nou an pa two lwen pou l derape. Prese vi n pran plas nou. Gen plas pou nou tout. Moman an rive pou nou jwen yon antant istorik antrenou, pèsonn pap vin fè sa pou nou, se devwa nou, se yon obligasyon nou genyen devan nasyon an pou nou sove jenerasyon kap vini yo, mete ògèy nou a kote, fok nou chita tande yonn lòt pou nou ka rive retire peyi a anba grif zago loray kap kenbe peyi a nan ensekirite, mizè ak esklisyon sosyal depi 1806 jiska jounen jodia.
Viv Enstitisyon nou yo ! Viv Ayiti
Ke Bondye beni Ayiti
Ayibobo pou Ayiti
Mèsi anpil
171

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *