Haïti

Colin Powel Sekretè Deta ki evite lame meriken bombade ayiti mouri de kowonaviris pa Stanley Lucas





An 1994 apre anbago ekonomik Jean Bertrand Aristide te mete sou ayiti pou fòse retou li echwe, chèf lavalas la siyen pou fè lame meriken anvayi ayiti. Nan kad plan militè ameriken ta pral bombade a gwo bomb plizyè kote nan peyi dayiti. Si debakman militè sa Aristide te mande te fèt jan li planifye ampil ayisien tap mouri anba zam e bomb lame amerikenn. Sak sove peyi dayiti se yon misyon dyalog Jeneral Colin Powell te fè ak Prezidan Jimmy Carter e Senatè Sam Nunn. Misyon sa te jwen yon akò ki fasilite yon debakman pasifik militè ameriken. aksyon ki sove ampil lavi. Si sa pat fèt konsa sa ta ka chanje totalman relasyon ant 2 peyi yo si san te koule. Nou apresye aksyon pou lapè sa Jeneral Colin Powell mennen. Misye te toujou pran pozisyon anfavè emansipasyon moun nwa etazini e ayisien tou. Jeneral Powell se yon neg ki ede kore demokrasi ampil kote nan mond lan. Li jwe yon wòl enpotan nan tranzisyon demokratik ki fèt nan peyi Nigeria. Li se premye Jeneral nwa 4 etwal, ki te komandan tout lame etazini, konseye sekirite nasyonal ameriken e sekretè deta ameriken. Kowonaviris touye l malgre li te vaksine. Que la terre lui soit légère.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *