Haïti

Kèk endividi ki te akonpaye Moise Jean Charles atake yon Ansyèn Kadida Pitit desalines nan antèman Tunerb la





Map denonse ak tout fòs mwen zak agresyon fizik you gwoup endividi kite akonpanye Moise Jean Chales fè sou mwen jodi samdi 3 Jen an pandanm tap patisipe nan antèman Dr Turneb Delpe nan Pax Villa. Mesye sa yo ki akize m kòmkwa mwen trayi Moise non sèlman teke pye m pou m tonbe pandan map pase men tou yo rale valiz mwen. Aprè yo finn dim tout kalte betiz yo fè menas lanmò sou mwen.
M vle tout moun konnen apati jodi a lavim nan men Moise Jean Charles. Map raple ti gwoup bandi Moise peye pou vinn rele viv li nan antèman an mwen pap pè yo. Konpòtman Moise jodi a se te yon bagay avilisan pou li.

Itilize antèman Turnep Delpe yon ansyen kamarad pou fè kapital politik se yon wont e ansyen kandida alaprezidans lan ta dwe jennen.
M pa etone pou sak rive a paske nan plizyè rankont ak militan Moise te longe dwèt sou mwen kòm moun pou yo atake akóz pozisyon m te pran nan kriz kite genyen nan plateforme la.
Map raple Moise ak ti ponyen moun(anviwon 10) kite vinn kraze antèman Delpe a sil pa prezidan se pa mwen menm ki lakòz men pito konpòtman l.




Mwen pa responsab tou sil ap pèdi plim sou tèren politik la, sil pèdi estim pèp ayisyen an ak anpil moun kitap goumen bò kote l. Si wap pale youn pawòl nan radio alòske wap regle lòt bagay anba tab se nòmal pou pèdi kredi.
Map raple tout moun, lé m te pran angajman poum sipòte Moise Jean Charles m pat menm konnen l. Se sou baz pawòl li tap pale yo, men finalman m te vinn wè se pa sa kitap regle, se bagay pèsonél. Kòm mwen trompe m te chwazi retire kòm.




M pa janm sipòte demagòg kap bay bèl diskou pou twompe pèp.
Map fini pou di mwen se yon militan politik kap goumen pou peyi m chanje donk depi yon lidè se pa bagay peyi wap regle pa konte sou mwen.
SP

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *