Haïti

Assad Volcy ekri yon lèt tou louvri bay Moise Jean Charles apre li finn wè foto sa





Pòtoprens Vandredi 1 Desanm 2017

Lèt tou louvri

Ansyen kamarad lit mwen Jean Charles Moise

Li fè 6zè30 minit pandan map ekri w lè tou louvri sa a. Se nan lè sa a mal pantan sou yon foto w yo pran nan manif 29 Novanm lan sou Chanmas la bò estati papa “Dessalines”. Se yon zanmi mwen avéw pataje ki voye foto a banm, yon fason dapré mwen poul atire atansyon m . An verite m paka kache sa, se te yon gwo chòk pou mwen.

Nan premye moman bri maladi w la te kouri a, fòk mwen avwe w sa, mwen te pridan sou gravite ka w la. M te menm panse se yon kou politik ak mediatik ou tap fè ankò. Dayé se patap grav paske nan politik tout zam enpòtan depi l ka ede w atenn objektif ou. Sa a se Machiavel ki di sa.
M pa ka baw manti se sa m te kwè. Sepandan, kèk jou pita, lèm tande w ap pale nan radyo avan w kite peyi a pou al pran swen Kiba, mwen te vinn gen gwo enkyetid sou eta sante w e se pou tèt sa m te rele fanmi w ak pwòch ou ki rete konekte ak mwen pou m te mande w pran dosye maladi w la trè oserye.
M te menm ekri sa sou paj Facebook mwen poum atire atansyon piblik la ak fanmi w sou sa.

Maten an franchman, m sezi lè m byen gade Foto sa a, kote fotograf la fè yon zoum sou bouch ou. Li klè ou malad e fòk ou pran sa oserye paske lavi pa gen pri. Daprè ti pale m fè ak kèk espesyalis nan domèn maladi tansyon, sanble se yon mini AVC w fè sa yo rele Strock la.

Monchè tande byen: mwen ak ou nou gen problèm politik sa fè yon titan, e mwen kwè li pap fasil pou n rekole moso yo tèlman kontansye yo anpil, men mwen swete w rete an sante pou kontinye mennen aktivite w.




Poutèt Sherlyne Pitit ou Zanmi m ki fenk gen 18 lane k mwen apresye anpil, pou lòt timoun yo Madanm ou ak tout moun ki rete renmen w map mande fè yon ti kanpe pou panse ak vi w.

Kèlkeswa sam panse de konpòtman w kòm lidè m vle w konprann fòk ou anvi pou kontinye goumen. Li pa nesesè pou w bay lenpresyon ou dyanm alòske tout moun wè kòw pa bon.

Nan non tout amitye nou te pataje, nan non bout lit nou fè ansanm, epi nan non fanmi w map mande w piblikman pou pran tan pou pran swen tèt ou. Goumen mwen ak ou m pap janm fèm rive nan yon sityasyon pou m ta swete mal pou ou alevwa lanmò. Li pa rive jiske la paske fanmi m te aprann mwen respekte lavi tout moun, chak moun.

Pou tout rezon sa yo map mande w kanpe sou patisipasyon w nan manifestasyon yo, dayé gaz lakrimojén pa bon pou wou, kanpe sou pale nan radyo, kanpe sou gwo rankont ki mande w fè gwo jefò pandan yon ti tan. Lap bon pou wou. Mwen mande w li konsa paske menm jan avèm, ou pap dakò pran vakans politik men ou bezwen vakans pou jere lavi w dabò pou Fanmi w ki bezwen w ak tout patizan w moun ki kwe nan pawòl ou yo.




Mwen konnen li pap fasil pou ou paske fòk ou veye tout pyon kap deplase sou téren politik la. Men fok ou pa bliye Sante w dwe prime sou tout lòt bagay paske san moso lasante ou pap ka kontinye batay.

Pandan peryòd wap pran swen an nap obsève yon trèv sou tout problèm ki konséne divizyon nou pou koz imanité!

Mwen pat vle trò long ansyen Kamarad, men mwen kwè devwa moral mwen te oblije m ekri w ti lèt sa a pou m atire atansyon w sou nesesite pou jere sante w !

Kenbe fèm !

Volcy ASSAD, Ansyen Kamarad konba w

Reprezantan Nasyonal ODEP Haiti ( Orientation Démocratique pour Haïti)



2 thoughts on “Assad Volcy ekri yon lèt tou louvri bay Moise Jean Charles apre li finn wè foto sa

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *